YouVersion Logo
Search Icon

2 Kor 1

1
1Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris#1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.
2Se pou gras ak lapè Bondye Papa nou, ansanm ak Senyè Jezikris, rete avèk nou!
Pòl ap di Bondye mèsi
3Mwen beni non Bondye, Papa Senyè nou Jezikris! Li se yon papa ki plen konpasyon ak konsolasyon. 4Li toujou konsole nou chak fwa soufrans vin sou wout nou. Konsa, lè lòt moun ap soufri, nou konsole yo ak menm konsolasyon nou resevwa nan men Bondye a. 5Menm jan nou sibi soufrans pou Kris, se menm jan an tou nou resevwa konsolasyon pa mwayen Kris. 6Si nou soufri, se pou ou ka jwenn konsolasyon ak delivrans. Si nou jwenn konsolasyon, se pou ou menm ka jwenn konsolasyon tou. Anplis, sa dwe ede nou pou n ka kenbe fèm nan mitan soufrans nou yo. 7Nou gen anpil konfyans. Nou konnen ou patisipe nan soufrans nou. Konsa tou, nou konnen ou ap patisipe nan konsolasyon nou tou.
8Frè m ak sè m yo, nou vle fè nou konnen ki valè soufrans nou te rankontre nan Lazi. Nou te jwenn plis pase sa nou ka sipòte, jouktan nou te menm panse nou pa t ap viv ankò. 9Wi, nan lide pa nou, nou te panse nou t ap mouri. Sa rive konsa, pou nou sispann kwè nan pwòp fòs nou, men pou nou mete konfyans nou nan Bondye pito. Se li menm ki konn resisite moun mouri. 10Li delivre nou anba gwo danje lanmò. E nou konnen l ap kontinye delivre nou. Se sa ki ban nou asirans, l ap delivre nou asireman. 11Epi ou menm tou, ou ede nou nan lapriyè ou yo. Konsa, anpil moun ap remèsye Bondye pou nou, paske Bondye beni nou poutèt pwòp priyè yo.
Plan Pòl chanje
12Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.#1:12 ak gras … nou fè sa Kèk ansyen kopi Grèk genyen “nou fè sa sentete epi ak onètete ki soti nan Bondye.” 13Wi, nou pa mete diplis nan sa nou ekri voye ba ou. Nou ekri w sèlman bagay ou kapab li epi konprann. 14Nou konnen ou konprann anpil bagay deja, men nou vle pou w santi w fyè poutèt nou, menm jan nou gen pou n fyè pou ou nan jou retou Senyè nou an, Jezikris.
15Mwen te tèlman sèten, se sa k fè m te fè plan vizite nou an premye. Konsa, nou te ka jwenn yon doub benediksyon. 16Mwen te fè plan vizite nou pandan m sou wout pou m al Masedwàn ak lè m tounen sot Masedwàn. Mwen te vle chache èd nan men nou pou vwayaj nan Jide a. 17Èske nou panse mwen te fè plan sa yo menm jan ak lemonn? Oubyen, èske nou panse mwen fè yon plan mètdam, m ap di wi epi non an menm tan?
18Si nou kwè Bondye fidèl, nou mèt kwè pawòl mwen di nou pa ka wi ak non an menm tan. 19Mwen menm, Silas ak Timote, nou te pale w de Jezikris, pitit Bondye a. Ebyen, Jezi pa t nan balanse ant wi ak non an menm tan. Jezi te toujou wi. 20Jezi se wi Bondye, paske se pa mwayen li menm tout pwomès Bondye yo akonpli. Se sa k fè se pa mwayen Jezi nou di “Amèn” ak tout sa ki bay Bondye glwa. 21Se Bondye li menm ki ba nou fòs nan Jezikris. Se li menm tou ki mete nou apa pou n fè travay li. 22Li mete sa l sou nou pou di nou se moun pa l. Li mete Sentespri li nan kè nou tankou yon avalwa sou tout sa l gen pou ban nou.
23Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou. 24Sa pa vle di n ap chache kontwole lafwa w. Ou deja gen yon lafwa ki solid. Men nou vle travay ansanm avèk ou pou pwòp bonè w.

Currently Selected:

2 Kor 1: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in