YouVersion Logo
Search Icon

Zakari 5

5
Vizyon liv k'ap vole nan syèl la
1Mwen wè yon lòt vizyon ankò, mwen leve #Jer 36.2,28 je m gade. Mwen wè yon liv an fòm yon woulo papye k'ap vole nan syèl la. 2Zanj #Eze 2.9,10 ki t'ap pale avè m lan di m:
— Kisa ou wè?
Mwen reponn li:
— Mwen wè yon liv an fòm yon woulo k'ap vole nan syèl la. Li gen trant pye longè ak kenz pye lajè.
3Epi #Egz 20.7,15; Det 29.27 li di m:
— Se madichon ki pral tonbe sou tout latè. Dapre sa ki ekri sou yon bò liv la, yo pral fè tout vòlò disparèt nan peyi a. Dapre sa ki ekri sou lòt bò a, moun k'ap fè sèman pou bay manti pral disparèt nan peyi a tou. 4Senyè #Pwo 3.33 ki gen tout pouvwa a di konsa se li menm menm ki voye madichon sa a pou li antre nan kay tout moun k'ap vòlò, ak nan kay tout moun k'ap pran non m fè sèman pou bay manti. L'a rete nan kay moun sa yo. Tankou dife, l'ap boule tout bwa ak tout wòch kay yo.
Vizyon fanm ki nan panyen an
5Zanj ki t'ap pale avè m lan parèt ankò, li di m konsa:
— Leve je ou. Gade sa k'ap vin kounyeya.
6Mwen #Eze 45.11 mande l:
— Kisa l ye?
Li reponn mwen:
— Se yon panyen. Se peche moun yo ap fè nan tout peyi a ki ladan l.
7Panyen an te gen yon kouvèti plon. Kouvèti a leve. Mwen wè yon gwo fanm chita anndan panyen an. 8Zanj lan di m konsa:
— Fanm sa a, se mechanste ki non l!
Lèfini, li peze l antre nan panyen an epi li mete kouvèti plon an sou li. 9Apre sa mwen leve je m gade, mwen wè de fanm. Yo te gen gwo zèl tankou sigòy. Yo t'ap vole nan syèl la vini. Yo pran panyen an, yo moute avè l. 10Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m lan:
— Kote yo prale ak panyen an la a?
11Li reponn mwen:
— Yo pral bati yon tanp pou li nan peyi Babilòn. #5.11: Babilòn: Osinon dapre tèks ebre a: Chinea. Y'ap fè yon pye pou li. Lèfini, y'ap mete l la pou moun adore l.

Currently Selected:

Zakari 5: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

Video for Zakari 5