YouVersion Logo
Search Icon

Kantik 1

1
1Men pi bèl chante nan tout chante Salomon #1 Wa 4.32 yo.
Premye chante
Fi a pran chante:
2Se pou li bo mwen byen bo!
Wi, karès ou dous, yo pi dous pase siwomyèl.
3Yo #Ekl 7.1; Jan 12.3 anvayi m' pi byen pase lodè losyon sou ou.
Kote ou pase, ou se sant yon bon pafen k'ap rale moun.
Mwen pa sezi pou jan jenn fi yo damou pou ou!
4Pran m' #Sòm 45.14,15; Jer 31.3; Oze 11.4; Jan 6.44; Fil 3.12 avè ou non! Ann kouri ale!
Wa a pran mwen nan chanm li:
Nou kontan kont kontan nou, Nou kontan nou ansanm.
An nou chante karès ou, yo pi dous pase siwomyèl.
Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
5Medam lavil Jerizalèm,
Po m boule, men m bèl! #1.5: Po m boule, men m bèl: Osinon Po m fonse, epi mwen bèl.
Po m menm koulè ak tant nan dezè a.
Men, li bèl tankou rido nan palè Salomon an.
6Pa #Kan 8.11; 1 Kor 9.27 gade sou koulè po m!
Se solèy la ki boule m konsa.
Frè m yo te move sou mwen.
Yo fè m travay nan jaden rezen lòt moun.
M pat gentan pou m okipe jaden rezen pa m.
7 # 1.7: Nou pa fin konprann sans mo ebre yo nan vèsè sa a. Manyè #Eze 34.14,15 di mwen non, ou menm mwen renmen anpil la,
ki bò ou pral mennen mouton ou yo manje?
Kibò yo pral pare solèy midi?
Konsa mwen p'ap bezwen ap chache ou kou moun fou
nan mitan gadò tokay ou yo.
Sanba yo pran:
8Bèl fanm pase ou, nanpwen!
Ki jan ou fè pa konn kote sa a?
Ale non. Swiv mouton yo.
W'a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo,
toupre tant gadò yo.
Gason an reponn:
9Ou #2 Kwo 1.16 menm mwen renmen anpil la, w'ap boulvèse mesye yo,
menm jan yon jiman ap boulvèse poulen chwal cha lagè farawon yo.
10Ala #Eze 16.11 bèl ou bèl jan ou penyen an ak pèl nan très ou yo!
Ala bèl ou bèl ak bèl kolye nan kou ou!
11Men, n'ap fè yon chenn lò pou ou
ak ti moso ajan kole ladan l.
Fi a:
12Mèt #Jan 12.3 mwen kouche bò kote mwen.
Lodè pafen sou mwen gaye toupatou.
13Mennaj mwen tankou yon ponyen bazilik
ki lonje bò kote mwen.
14Anmoure mwen tankou yon bouke woz
k'ap fleri nan yon jaden apa.
Gason an:
15Ala #Kan 4.1 bèl ou bèl, anmourèz mwen!
Ala bèl ou bèl!
Zye nan tèt ou, ou ta di de bèl chelèn kristal.
Fi a:
16Ala bèl ou bèl, mennaj mwen!
Se pa ti debyen ou debyen ak mwen.
Zèb yo sèvi nou kabann!
17Bwa sèd sèvi nou poto kay,
Planch bwachenn sèvi nou panno.

Currently Selected:

Kantik 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in