YouVersion Logo
Search Icon

Women 8:31-35

Women 8:31-35 HAT98

Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou? Li pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi? Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pèsonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras! Ki moun ki kab kondannen yo? Pèsonn. Paske Jezikri te mouri. Sa k pi rèd ankò, li leve sòti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l'ap plede pou nou. Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò?