YouVersion Logo
Search Icon

Women 8:1-5

Women 8:1-5 HAT98

Kounyeya, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri. Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri. Li delivre nou anba lalwa peche ak anba lanmò. Bagay lalwa Moyiz pa te kapab fè, paske egzijans lachè t'ap fè te rann li san fòs, se Bondye menm ki akonpli yo. Bondye kondannen peche lèzòm nan lachè sa a lè li voye pwòp pitit pa li nan yon kò ki menm ak kò peche a pou li ka fini nèt ak peche. Bondye fè sa pou moun pa viv dapre sa lachè egzije yo, men dapre egzijans Lespri Bondye pou nou satisfè sa lalwa mande. Moun k'ap viv dapre sa lachè egzije, se yon sèl bagay ki nan lide yo: Se fè lachè plezi. Men moun k'ap viv dapre Lespri Bondye, sèl okipasyon yo: Se fè Lespri Bondye plezi.