YouVersion Logo
Search Icon

Women 3

3
1Nan kondisyon sa a, ki avantaj pou yon moun jwif? Ki itilite sikonsizyon an? 2Tout #Wòm 9.4; Det 4.7,8; Sòm 147.19,20; 103.7; 1 Pyè 4.11 jan, li gen anpil avantaj. Pou konmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo. 3Bon, #Wòm 9.6; 11.29; 2 Tim 2.13 tande non. Si gen ladan yo ki pa kenbe pawòl yo, eske poutèt sa Bondye p'ap kenbe pawòl li tou? 4O #Sòm 116.11; 51.4 non, se lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la:
Se pou yo rekonèt
se ou menm ki gen rezon lè w'ap pale.
Se ou menm ki pou gen pwosè a lè y'ap jije ou.
5Men, si lè nou fè sa ki mal, sa fè moun wè pi klè se Bondye ki gen rezon, kisa n'a di lè sa a? Eske poutèt sa lè Bondye pini nou li gen tò? (Eskize m wi, m'ap pale tankou moun.) 6Men non! Si lè sa a Bondye pa gen rezon, ki jan Bondye va fè pou jije moun?
7Bon, si lè m bay manti, sa fè verite Bondye a parèt pi klè, si sa sèvi yon lwanj pou Bondye, poukisa pou l ta jije m tankou yon moun ki fè sa ki mal? 8Poukisa #Wòm 6.1,2 nou pa di pito: Ann fè sa ki mal pou Bondye ka fè plis byen toujou! Gen kèk malpalan ki pretann se sa mwen di. Enben, Bondye ap kondannen moun sa yo, epi la gen rezon.
Pa gen moun ki gen rezon devan Bondye
9Men, #Wòm 1.18—2.24 sa sa ye menm? Nou menm jwif, eske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a. 10Jan #Sòm 14.1-3; 53.2-4 sa ekri nan Liv la:
Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye.
Non, pa menm yon grenn.
11Yo yonn pa gen konprann.
Yo yonn p'ap chache Bondye.
12Yo tout lage kò yo nan bwa,
yo tout pèdi chemen yo.
Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen.
Non, pa menm yon sèl.
13Bouch #Sòm 5.9; 140.3 yo ou ta di yon kavo ki louvri.
Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo.
Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
14Bouch #Sòm 10.7 yo plen madichon ak jouman.
15Ti #Eza 59.7,8 krik ti krak, se fè san koule.
16Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè.
17Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun.
18Yo #Sòm 36.1 mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
19Nou #Wòm 2.12; Gal 3.22 konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou sòti nan bouch pèsonn: tout moun antò devan Bondye. 20Se #Sòm 143.2; Wòm 7.7; Gal 2.16 pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.
Jan Bondye fè moun gras
21Men #Tra 10.43; Wòm 1.17 kounyeya, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou. 22Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm. 23Tout #Wòm 3.9,19; 5.12 moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do. 24Men #Wòm 5.1; Ef 2.8 Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. 25Se #Lev 16.12-15; Eb 4.16; Ef 1.7 li menm, Jezikri, Bondye te destine pou sakrifye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka jwenn padon peche yo. Bondye te vle moutre nou kijan li fè nou gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans. Li pa te pini peche moun fè. 26Men kounyeya, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, anmenmtan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras.
27Bon, #1 Kor 1.29,31 nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè? Pa gen pyès rezon. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Se paske yo fè Bondye konfyans. 28Nou #Gal 2.16 kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l gras, se pa paske li fè sa lalwa mande. 29Eske #Wòm 10.12 Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou. 30Paske #Wòm 4.11,12 se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li. 31Bon, #Wòm 4.3; 8.4; Mat 5.17 jan nou pale la a, eske konfyans nan Bondye fè lalwa pèdi valè li? Non, se lekontrè. Se lè sa a atò nou mete lalwa a nan vrè plas li.

Currently Selected:

Women 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy