YouVersion Logo
Search Icon

Women 15:13-19

Women 15:13-19 HAT98

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a. Frè m yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy. Men, mwen pèmèt mwen ekri nou sou anpil pwen pou rafrechi memwa nou. Mwen pèmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye fè mwen an, pou m te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen Bòn Nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a. Se pou sa, mwen gendwa kontan nèt pou travay m'ap fè ansanm ak Jezikri pou Bondye. Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m fè ak sa li te fè m di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay Bòn Nouvèl ki pale sou Kris la toupatou.

Video for Women 15:13-19