YouVersion Logo
Search Icon

Women 12

12
Jan nou dwe sèvi Bondye
1Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou #Wòm 6.11,13; 1 Pyè 2.5; Jan 4.24 wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre. 2Pa #Ef 4.23; 5.10,17; Wòm 1.28; Gal 1.4 fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
3Poutèt #1 Kor 12.11; Ef 4.7 favè Bondye fè m lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l nan lafwa. 4Gade #1 Kor 12.12 byen: nou gen anpil manm nan yon sèl kò, men chak manm gen sèvis pa l apa. 5Se #1 Kor 12.27; Ef 4.25 konsa tou, nou anpil, men nou fè yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout nou fè yon sèl kò tou yonn ak lòt, tankou plizyè manm nan yon sèl kò. 6Bondye #1 Kor 12.4 pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l anonse mesay ki sòti nan Bondye, se pou l fè sa dapre lafwa li genyen an. 7Si #1 Pyè 4.10,11 yon lòt resevwa don pou l fè yon travay, se pou l fè travay la. Moun ki resevwa don pou l moutre lòt anpil bagay, se sa pou l fè. 8Moun #Mat 6.3; 2 Kor 8.2; 9.7 ki resevwa don pou l bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan.
9Se #1 Pyè 1.22; 1 Tim 1.5; Am 5.15 pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen. 10Se #2 Pyè 1.7; Fil 2.3 pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan. 11Travay #Rev 3.15; Tra 18.25 di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la. 12Pandan #1 Tes 5.17 n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè. 13Bay #Eb 13.2 moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.
14Mande #Mat 5.44; Tra 7.59; 1 Kor 4.12 Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou. Mande benediksyon, pa mande madichon pou yo. 15#Sòm 35.12 kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye. 16Viv #Pwo 3.7; Wòm 15.5; 11.20 byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. #12.16: Viv tankou moun ki san pretansyon: Ou ankò Fè zanmi ak moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.
17Si #Eza 5.21; 1 Tes 5.15 yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun. 18#Mak 9.50; Eb 12.14 tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li. 19Mezanmi, #Det 32.35; Lev 19.18; Mat 5.39; 2 Tes 1.6,7; Wòm 13.4; Eb 10.30 pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la:
Se mwen sèl ki gendwa tire revanj,
se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite.
Se Bondye menm ki di sa.
20Okontrè, #Pwo 25.21,22; Mat 5.44 dapre sa ki ekri ankò:
Si lènmi ou grangou, ba l manje.
Si li swaf dlo, ba l bwè.
Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l pou fè l chanje.
21Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal.

Currently Selected:

Women 12: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy