YouVersion Logo
Search Icon

Revelasyon 6

6
Ti Mouton an kase sis premye sele yo
1Apre sa mwen wè ti Mouton an kase yonn #Rev 4.6; 5.1,2,6,8 nan sèt sele yo. Lè sa a, mwen tande yonn nan kat bèt vivan yo pale, ou ta di yon kout loray. Li di:
— Vini non!
2Mwen #Zak 1.8; 6.1-3 gade, mwen wè yon chwal blan. Moun ki te moute l la te kenbe yon banza nan men l. Yo ba l yon kouwòn met sou tèt li. Li pati tankou yon moun ki fin genyen yon batay men ki sòti pou l genyen ankò.
3Apre sa, ti Mouton an kase dezyèm sele a. Mwen tande dezyèm bèt vivan an ki t'ap di:
— Vini non!
4Lè sa a, yon lòt chwal koulè wouj sòti. Moun ki te moute l la resevwa pouvwa pou l mete lagè toupatou sou latè, pou lèzòm ka yonn touye lòt. Yo ba l yon gwo nepe kenbe nan men li.
5Apre sa, ti Mouton an kase twazyèm sele a. Mwen tande twazyèm bèt vivan an ki t'ap di:
— Vini non!
Mwen gade, mwen wè yon chwal nwa. Moun ki te moute l la te kenbe yon balans nan men li. 6Mwen tande yon vwa ki sòti nan mitan kat bèt vivan yo ki t'ap di:
— Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men, pa manyen ni lwil la ni diven an.
7Apre sa, ti Mouton an kase katriyèm sele a. Mwen tande katriyèm bèt vivan an ki t'ap di:
— Vini non!
8Mwen #Oze 13.14; Jer 15.3; Eze 5.12; 14.21; 29.5; 33.27; 34.28 gade, mwen wè yon chwal koulè vèt. Moun ki te moute l la te rele lanmò. Moun ki kanpe pou kote mò yo ye a t'ap mache dèyè li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka (¼) latè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bèt nan bwa ki sou latè.
9Apre #Rev 8.5; 14.18; 16.7 sa, ti Mouton an kase senkyèm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l ye a. 10Yo #Zak 1.12; Sòm 79.10; Det 32.43; Jen 4.10; 2 Wa 9.7; Oze 4.1 t'ap rele byen fò:
— O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin pini yo paske yo te touye nou? 11Yo #Rev 3.4; 7.9; Mat 23.32 ba yo chak yon rad blan mete sou yo. Apre sa, yo mande yo pran pasyans pou yon ti tan ankò, jouk kantite frè ak kanmarad sèvis ki gen pou mouri tankou yo a fin kont.
12Apre #Eza 13.10; Eze 32.7,8; Jowèl 2.30; Lik 21.25 sa, mwen wè ti Mouton an kase sizyèm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, solèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san. 13Zetwal #Eza 34.4; 13.10 yo menm t'ap soti nan syèl la tonbe sou latè tankou mango vèt lè gwo van soufle. 14Syèl la disparèt nèt tankou yon woulo papye yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote. 15Tout #Sòm 48.4; 2.2; Eza 24.21; 34.12; 2.10,19,21; Jer 4.29 wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo. 16Yo #Oze 10.8; Eza 6.1; Sòm 47.8; Lik 23.30 t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo:
— Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou. 17Paske, #Jowèl 2.11,31; Mal 3.2; Sof 1.14,18; Wòm 2.5 gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?

Currently Selected:

Revelasyon 6: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in