YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 95:1-6

Sòm 95:1-6 HAT98

Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Senyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an! Ann parèt devan li pou nou di l mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li! Paske, Senyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo. Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou. Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l, latè a tou, paske se li ki ba l fòm ak men l. Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Senyè ki kreye nou an!