YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 74

74
SÒM 74 (73)
Lapriyè pou Bondye ede peyi a
(1a) Se #Det 29.20; Sòm 44.9; 95.7; 100.3; Jer 23.1; Eze 34.31 yon chante Asaf.
1(1b) Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa?
Poukisa ou an kòlè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?
2Pa #Egz 15.16; Sòm 9.11; Eza 63.9,17 bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an,
pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou!
Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a!
3Vin wè sa ki rete apre ravaj la!
Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.
4Moun #Lam 2.7 ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò.
Yo wete tou sa ki nan Tanp lan, yo mete drapo pa yo.
5Yo #Jer 46.22 tankou moun k'ap voye kout rach
pou koupe pyebwa nan yon gwo rak.
6Yo #1 Wa 6.18,29-35 kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan Tanp lan,
anba kout rach ak kout mato.
7Yo #2 Wa 25.9; Sòm 79.1 mete dife nan kay ki apa pou ou a,
yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l vide atè.
8Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou!
Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a!
9Tout #1 Sam 3.1; Lam 2.9; Mi 3.6; Mat 16.4 bèl bagay ki te nan Tanp lan disparèt.
Pa gen pwofèt ankò.
Pèsonn pa konnen kilè sa va chanje.
10Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure?
Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou?
11Poukisa #Lam 2.3 ou derefize ede nou?
Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze?
12Men, #Sòm 44.4 Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan.
Ou fè nou genyen anpil batay sou latè.
13Se #Egz 14.21; Eza 51.9 avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a.
Se avè l ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.
14Se #Jòb 41.1; Eza 27.1 ou ki kraze tèt levyatan an,
lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l.
15Ou #Egz 17.5,6; Nonb 20.11; Joz 4.23; Sòm 105.41; Eza 48.21; 51.10 te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule.
Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch.
16Ou #Jen 1.14-16 fè lajounen, ou fè lannwit.
Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo.
17Se #Jen 8.22; Det 32.8; Tra 17.26 ou ki fikse limit tè a.
Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi.
18Senyè, #Sòm 89.50 pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib.
Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!
19Pa lage pèp ou nan men lènmi l yo tankou toutrèl devan malfini.
Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt.
20Chonje #Jen 17.7; Lev 26.44,45; Sòm 106.45; Jer 33.21 kontra ou te siyen avèk yo a!
Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen.
21Pa #Sòm 6.10; 9.9 kite moun y'ap peze yo wont!
Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou.
22Leve #1 Sam 24.15 non, Bondye! Defann kòz ou!
Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!
23Pa #Sòm 65.7 bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò!
Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.

Currently Selected:

Sòm 74: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in