YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 72

72
SÒM 72 (71)
Lapriyè pou wa a
(1a) Se #1 Kwo 22.12 yon sòm Salomon.
1(1b) Bondye, moutre wa a jan pou li dirije tankou ou!
Li menm ki pitit wa a, ba li pouvwa pou li gouvènen jan ou vle a!
2Konsa, #Eza 11.4; 32.1 l'a gouvènen pèp ou a san patipri,
l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.
3Nan #Eza 32.17 tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt.
P'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.
4Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a.
L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a.
L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
5Se #Sòm 89.36,37; Jer 31.35,36 pou l viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè.
Wi, se pou li viv tout tan tout tan.
6Se #Det 32.2; 2 Sam 23.4; Am 7.1 pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden,
tankou gwo lapli k'ap wouze tè a.
7Sou #Sòm 92.12; Eza 2.4; Ef 2.14 reny li, ap gen jistis toupatou.
Tout moun va viv byen yonn ak lòt
tout tan va gen lalin pou bay limyè.
8L'ap #Egz 23.31; Sòm 2.8; Zak 9.10 gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a,
depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
9Moun #Sòm 22.29; Eza 49.23 ki rete nan dezè a pral soumèt devan li,
lènmi l yo pral manje pousyè.
10Wa #1 Wa 10.1,22; Sòm 68.29; Eza 43.3; 60.9 peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l kado.
Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.
11Wa #Eza 49.7 tout lòt peyi yo va soumèt devan li.
Tout lòt peyi yo va sèvi l.
12L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li.
L'a delivre tout malere ki san sekou.
13L'a gen pitye pou pòv malere yo.
L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.
14L'a #2 Wa 1.13; Sòm 116.15 delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste.
Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!
15Se #1 Wa 10.10 pou wa a viv lontan!
Y'a ba li lò ki sòti nan peyi Saba.
Y'a toujou lapriyè pou li.
Y'a mande pou Bondye beni li chak jou.
16Se #Jòb 5.25 pou jaden kouvri tout peyi a,
jouk sou tèt mòn yo.
Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban.
Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden.
17Se #Jen 12.3; Sòm 104.31; Jer 4.2; Lik 1.48 pou yo pa janm bliye non li.
Toutotan va gen solèy pou klere tè a,
se pou y'ap nonmen non li.
Se pou tout nasyon fè lwanj li.
Se pou tout moun mande Bondye pou l beni yo
menm jan li beni wa a.
18#Sòm 41.13; 86.10 lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.
19#Nonb 14.21; Ney 9.5 lwanj li pou gwo pouvwa li.
Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li.
Wi, se vre! Amèn!
20Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè.

Currently Selected:

Sòm 72: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in