YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 64

64
SÒM 64 (63)
Lapriyè pou mande pwoteksyon
(1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.
1(2) Bondye, tande non lè m'ap plenn!
Pwoteje m kont lènmi m k'ap fè m pè yo.
2(3) Pwoteje m #Sòm 57.4 anba konplo mechan yo,
anba gwo bann malveyan sa yo.
3(4) Lang #Sòm 11.2 yo file tankou razwa.
Pawòl ki sòti nan bouch yo se pwazon.
4(5) Yo #Jòb 22.13; Sòm 140.5; Eze 13.22 rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an.
Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.
5(6) Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal.
Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun.
Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou?
6(7) Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo.
Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.
7(8) Men #Pwo 12.13; 18.7; Jer 48.27 Bondye ap tire flèch li sou yo:
Yo rete konsa, yo blese.
8(9) Se #Jer 50.28; 51.10 lang yo k'ap bat yo. #64.8: Se lang yo k'ap bat yo: Mo pou mo, tèks ebre a bay: Y'ap bat li, pawòl nan bouch yo p'ap defann yo.
Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.
9(10) Lè #Sòm 32.11 sa a, tout moun pral pè,
y'a mache fè konnen sa Bondye fè.
Y'a egzaminen tou sa li fè.
10(11) Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Senyè a fè.
Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li.
Tout moun ki viv jan Bondye vle l la va fè lwanj li.

Currently Selected:

Sòm 64: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in