YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 56

56
SÒM 56 (55)
Konfyans nan Bondye
(1) Pou #Sòm 124.3; Pwo 1.12 chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat.
1(2) Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen,
paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen.
Tout lajounen y'ap fè m lagè,
y'ap toumante mwen.
2(3) Tout #1 Sam 30.6; 2 Kwo 20.3 lajounen lènmi m yo ap pousib mwen.
Se pa ti anpil yo anpil, moun k'ap fè m lagè yo.
3(4) Bondye #Sòm 118.6 ki anwo nan syèl la, lè mwen pè,
se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
4(5) Mwen gen konfyans nan Bondye.
M'ap fè lwanj pawòl li.
Mwen pa pè anyen.
Kisa lèzòm ka fè m?
5(6) Tout #Sòm 59.3; 71.10 lajounen y'ap manke m dega.
Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!
6(7) Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo,
y'ap veye tout vire tounen mwen.
Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m.
7(8) Pa #2 Wa 20.5; Mal 3.16 gen sove pou yo, paske yo fè twòp.
Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou.
8(9) Ou #Sòm 102.2; 118.6; Wòm 8.31 konnen tout kouri kache mwen yo.
Ou konnen jan dlo koule nan je m.
Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?
9(10) Se poutèt sa lènmi m yo gen pou kouri ale lè m rele ou.
Mwen konnen Bondye pou mwen.
10(11) M'ap fè lwanj pawòl Bondye.
Wi, m'ap fè lwanj pawòl Senyè a.
11(12) Mwen #Sòm 50.14 gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen.
Kisa lèzòm ka fè mwen?
12(13) O #Jòb 33.30; Sòm 49.19; 116.8,9 Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo,
m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m di ou mèsi.
13(14) Paske ou pa kite m mouri,
ou pa kite m bite,
pou m kapab mache devan ou
nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.

Currently Selected:

Sòm 56: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in