YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 51:1-13

Sòm 51:1-13 HAT98

(3) Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. (4) Lave m, foubi m pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m pou efase peche m lan. (5) Mwen rekonèt sa m fè a pa bon. Se tout tan peche m lan devan je m. (6) Se kont ou menm menm mwen peche Se pa kont lòt moun. Mwen fè sa ou pa dakò moun fè. Se sa ki fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije. (7) Wi, depi mwen fèt, mwen fèt nan peche. Depi nan vant manman m, san peche a nan venn mwen. (8) Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m konprann tout bagay non! (9) Wete peche m lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m fè sèvis pou ou. Lave m, m'a pi blan pase koton. (10) Fè m tande pawòl ki pou fè kè m kontan an, pawòl ki pou fè m chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m, men w'a fè kè m kontan ankò. (11) Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo. (12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm. (13) Pa voye m jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. (14) Sove m. Fè kè m kontan ankò. Ban m bon lide ki pou fè m toujou obeyisan. (15) Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou.

Video for Sòm 51:1-13