YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 49

49
SÒM 49 (48)
Moun fou yo ye
(1) Pou #Eza 1.2; Mi 1.2 chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo.
1(2) Nou tout, koute sa byen.
Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè,
2(3) gran kou piti, rich kou pòv.
3(4) Mwen #Sòm 78.2 pral ban nou bon konsèy.
Sa ki nan kè m se bagay ki gen sans.
4(5) M'ap louvri zòrèy mwen pou m tande parabòl la.
Mwen pral esplike l ban nou antan m'ap jwe mizik.
5(6) Poukisa #Sòm 52.7; Pwo 11.28; Mak 10.24 pou m ta pè, lè jou malè a rive,
lè moun ki pa vle wè m yo sènen m toupatou ak move lide nan tèt yo?
6(7) Moun #Mat 16.26 ki mete konfyans yo nan byen latè,
moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen,
7(8) pa #Jòb 36.18,19 gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, #49.7: delivre frè yo: Se sa nou jwenn nan kèk ansyen kopi tèks ebre a, men gen lòt ki bay: delivre tèt li
ni ki ka peye Bondye pou l delivre yo.
8(9) Yo #Sòm 16.10; 89.48 ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sov lavi pa yo,
sa p'ap janm rive fèt.
9(10) Atò, #Sòm 39.6; Ekl 2.16 se pou yo ta viv tout tan
san yo pa janm al anba tè?
10(11) Men, #Jen 4.17 nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri,
yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo.
Yo kite tout richès yo pou lòt moun.
11(12) #49.11: Men yon lòt jan nou ta ka di sa ki nan vèsè sa a: Yo mete nan tèt yo kay yo la pou tout tan, fanmi yo p'ap janm fini, paske toupatou sou latè yo respekte non yo. Se #Sòm 82.7; Ekl 3.19 nan simityè yo pral bout,
se nan tonm yo pral rete,
menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.
12(13) Yon moun te mèt grannèg kou li grannèg, li gen pou li mouri kanmenm.
Li tankou bèt y'ap mennen labatwa.
13(14) Se #Jòb 24.19,20; Da 7.22; Mal 4.3; 1 Kor 6.2; Rev 2.26 konsa y'ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo.
Se sa ki gen pou rive moun k'ap koute pawòl yo tou.
14(15) Tankou #Sòm 16.10; Oze 13.14 yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a.
Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo.
Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè.
Se kote mò yo ye a y'ap rete.
15(16) Men, Bondye ap delivre mwen,
l'ap wete m anba pouvwa lanmò.
16(17) Ou #Jòb 27.19; 1 Tim 6.7 pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich,
lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li.
17(18) Lè l #Det 29.19; Lik 12.19 mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li,
l'ap kite tout richès li yo dèyè.
18(19) Li te mèt kontan jan l t'ap viv la,
yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l ap mache byen,
19(20) yon lè, li gen pou l mouri tankou zansèt li yo
ki p'ap janm wè limyè ankò.
20(21) Yon moun te mèt grannèg kou l grannèg, si li pa gen konprann,
li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.

Currently Selected:

Sòm 49: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in