YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 39

39
SÒM 39 (38)
Pase n'ap pase
(1) Pou #1 Wa 2.4; Jòb 2.10; Sòm 34.13 chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David.
1(2) Mwen #Jòb 40.4,5 te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen,
pou m pa peche ak lang mwen.
M'ap mete yon fren nan bouch mwen
toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.
2(3) Mwen #Jer 20.9; Lik 24.32 fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo,
mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m anyen.
Mwen soufri pi rèd.
3(4) Kè m #Sòm 90.12 te sere anpil.
Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m.
Mwen pat kapab ankò. Mwen mande:
4(5) — Senyè, #Jòb 14.1,2; Sòm 62.9; 89.47 fè m konnen kilè m'ap mouri.
Di m konbe jou ki rete m pou m viv ankò,
pou m ka konnen se pase m'ap pase sou tè a.
5(6) Gade, #Jòb 27.16,17; Ekl 2.18,21; Lik 12.20; 1 Kor 7.31; Jak 4.14 mwen konte jou ki rete m pou m viv yo sou dwèt mwen.
Lavi m tankou anyen devan ou.
Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
6(7) Lèzòm #Sòm 38.15 ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray.
Se pou gremesi y'ap bat kò yo.
Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.
7(8) Kounyeya, #Sòm 44.13 Senyè, sa m'ap tann ankò?
Tout espwa m se sou ou!
8(9) Delivre m #2 Sam 16.10; Jòb 2.10; Sòm 38.13 anba tout peche m yo.
Pa kite egare yo pase m nan betiz.
9(10) M'ap #Jòb 9.34; 13.21 fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo.
Paske tou sa se travay ou.
10(11) Tanpri, #Jòb 13.28; Sòm 39.5; 49.14 pa bat mwen ankò, sispann kale m.
Mwen prèt pou m mouri anba kout fwèt ou yo.
11(12) Lè #Lev 25.23; 1 Kwo 29.15; Sòm 102.1; Eb 11.13 w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè,
ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad.
Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.
12(13) Tanpri, #Jòb 10.20,21; 14.10-12 Senyè, koute m lè m'ap lapriyè.
Tande jan m'ap rele,
pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou.
Mwen tankou tout zansèt mwen yo,
se etranje mwen ye,
se pase m'ap pase lakay ou.
13(14) Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m ka pran yon ti souf,
anvan m ale, anvan m mouri.

Currently Selected:

Sòm 39: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy