YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 24:1-6

Sòm 24:1-6 HAT98

(1b) Se pou Senyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Senyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l. Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l chita sou gwo larivyè yo. Ki moun ki gendwa moute sou mòn ki pou Senyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a? Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun. Senyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l la va fè l gras. Se moun konsa ki pou chache Senyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.