YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 22:1-8

Sòm 22:1-8 HAT98

(2) Bondye! Bondye! Poukisa ou lage mwen konsa? Poukisa ou kouri lwen mwen san ou pa pote mwen sekou, san koute jan m'ap plenn? (3) Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi. (4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fòtèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou. (5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo. (6) Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pat janm regrèt yo te fè sa. (7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m, tout moun ap pase m nan betiz. (8) Tout moun ki wè m pase m nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen. (9) Y'ap di m konsa: — Jan ou te konte sou Senyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Senyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?

Video for Sòm 22:1-8