YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 15

15
SÒM 15 (14)
Sa Bondye mande
(1a) Se #Sòm 24.3-5; Eza 33.14-16 yon #Sòm 2.6 sòm David.
1(1b) Senyè, ki moun ki ka rete lakay ou a?
Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a?
2Se #Sòm 84.11; 106.3; Zak 8.16; Ef 4.25 moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay,
ki toujou fè sa ki byen.
Se moun ki pale verite a jan l ye nan kè li,
3ki #Egz 23.1; Lev 19.16 pa nan bay moun kout lang.
Se moun ki p'ap fè zanmi l yo anyen ki mal,
ki p'ap mache fè tripotay sou vwazinay.
4Li #Joz 9.18-20; Jij 11.35; Estè 3.2 meprize tout moun Bondye vire do bay,
men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Senyè a.
Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l chè.
5Li #Egz 23.8; Det 16.19; 23.19; Eze 18.8 prete moun san mande enterè.
Li p'ap pran lajan anba pou l bay manti sou moun ki inonsan.
Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!

Currently Selected:

Sòm 15: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in