Sòm 139:14-16
Sòm 139:14-16 HAT98
M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen. Ou te konnen tout zo nan kò m, depi lè m t'ap fòme kote moun pat ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a. Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.