YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 137

137
SÒM 137 (136)
Lapenn Izrayèl lè yo te egzil
1Nou #Eze 1.1 te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo,
nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
2Nou te pandye gita nou yo
nan branch pye sikren peyi a.
3Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo.
Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo:
— Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!
4Ki jan ou ta vle pou n chante yon chante Senyè a
nan yon peyi etranje?
5Si nou bliye ou, Jerizalèm.
Se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
6Si #Jòb 29.10; Eze 3.26 nou pa chonje ou,
si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou,
se pou lang nou kole nan fon bouch nou.
7Senyè, #Lam 4.21,22; Eze 35.2,15; Am 1.11,12; Abd 8-14 chonje sa moun peyi Edon yo te fè
jou yo te pran lavil Jerizalèm.
Chonje jan yo t'ap di:
Kraze l! Kraze l ratè!
8Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè.
Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
9Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo,
ki va kraze yo sou gwo wòch!

Currently Selected:

Sòm 137: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy