YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 128

128
SÒM 128 (127)
Sa bon nèt pou obeyi Senyè a
(1a) Se #Sòm 112.1; Pwo 8.32 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a,
ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!
2Avèk #Eza 3.10 travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje,
w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
3Madanm #Sòm 52.8; Eze 19.10 ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou.
Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plan oliv tout arebò tab ou.
4Se konsa Senyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!
5Se #Sòm 134.3 pou Senyè a rete sou mòn Siyon an pou l beni ou!
Mwen mande l pou l fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.
6Mwen #Jen 50.23; Sòm 125.5; Pwo 17.6 mande l pou l fè ou wè pitit pitit ou yo!
Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la!

Currently Selected:

Sòm 128: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in