YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 125

125
SÒM 125 (124)
Senyè a se pwoteksyon pèp li a
(1a) Se #Sòm 25.2,3; Pwo 10.30 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, yo tankou mòn Siyon an.
Tankou l, yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.
2Menm #2 Wa 6.17; Zak 2.5 jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la,
se konsa Senyè a ap pwoteje pèp li a
depi kounyeya ak pou tout tan.
3Non. Mechan yo p'ap gouvènen pou tout tan
sou peyi ki pou moun k'ap mache dwat yo.
Si se pa sa, moun k'ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.
4Senyè, aji byen avèk moun k'ap fè byen,
avèk moun k'ap mennen yon lavi san repwòch.
5Men, #Sòm 128.6; Pwo 2.15; Eza 59.8; Gal 6.16 kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi,
se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste.
Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la.

Currently Selected:

Sòm 125: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in