YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 122:1-9

Sòm 122:1-9 HAT98

(1b) Ala kontan mwen te kontan lè yo di m: — Ann ale lakay Senyè a. Kounyeya, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm. Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje. Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Senyè a, se la y'ap vini pou di Senyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a. Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pèp la. Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze. Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze. Poutèt fanmi m yo ak zanmi m yo, m'ap di: Benediksyon Bondye sou lavil la! Poutèt kay Senyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.