YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 12

12
SÒM 12 (11)
Lapriyè pou mande sekou
(1) Pou #Eza 57.1; Mi 7.2 chèf sanba yo. Sou uityèm lan. Se yon sòm David.
1(2) Vin #Sòm 5.9; Jer 9.8; Wòm 16.18; Jak 1.8 sove nou non, Senyè!
Pa gen moun ki renmen ou ankò!
Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!
2(3) Yonn ap bay lòt manti.
Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
3(4) Senyè, fèmen bouch bann flatè sa yo,
bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.
4(5) Y'ap #Sòm 9.12; Eza 33.10 plede di: — Nou pale jan nou vle.
Bouch nou rele n pa nou.
Ki moun ki pou pase nou lòd?
5(6) Y'ap #Sòm 18.30; 119.140; Pwo 30.5 peze malere yo.
Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen.
Men, Senyè a di: M'ap vini kounyeya.
M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.
6(7) Pawòl Senyè a se bon pawòl.
Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou netwaye li.
7(8) Ou menm, Senyè, w'a toujou defann nou!
Pa kite moun sa yo fè nou anyen!
8(9) Mechan yo ap pwonmennen
sou moun toupatou:
se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo. #12.8: Se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo: Nou pa fin sèten se sa tèks ebre a vle di.

Currently Selected:

Sòm 12: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in