YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 119:10-16

Sòm 119:10-16 HAT98

Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo. Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou. Mèsi, Bondye. Moutre m tou sa ou vle m fè. M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki sòti nan bouch ou. Mwen pran plezi m pou m mache dapre prensip ou yo, tankou si m te gen tout richès sou latè. M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou. Mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.

Video for Sòm 119:10-16