YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 118

118
SÒM 118 (117)
Mèsi Bondye delivrans nou
1#1 Kwo 16.34; Sòm 100.5; Jer 33.11 lwanj Senyè a paske li bon.
Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
2Se #Sòm 115.9-11 pou pèp Izrayèl la di:
— Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
3Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di:
— Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
4Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di:
— Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
5Nan #Sòm 18.6,19 tray mwen te ye a, mwen rele Senyè a,
li reponn mwen, li delivre m.
6Senyè a #Sòm 56.9,11; Wòm 8.31; Eb 13.6 pou mwen, mwen pa pè anyen.
Kisa moun ka fè m?
7Se #Sòm 54.4,7 Senyè a k'ap ede mwen.
Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m yo.
8Pito #Sòm 40.4; Jer 17.5,7 yon moun chache pwoteksyon anba zèl Senyè a
pase pou l mete konfyans li nan moun.
9Pito #Sòm 146.3; Eza 30.1-3 yon moun chache
pwoteksyon anba zèl Senyè a
pase pou l konte sou chèf.
10Tout #Sòm 88.17 nasyon yo te sènen m,
Men, avèk pouvwa Senyè a, mwen kraze yo nèt.
11Yo te sènen m, yo te kwense m.
Men, avèk pouvwa Senyè a, mwen kraze yo nèt.
12Yo #Det 1.44; Sòm 58.9 te kouvri m tankou myèl.
Men, yo mouri tankou dife nan pay.
Avèk pouvwa Senyè a, mwen kraze yo nèt.
13Yo te ban m yon bourad pou fè m tonbe.
Men, Senyè a te pote m sekou.
14Se #Egz 15.2; Eza 12.2 Senyè a ki tout fòs mwen,
se pou li m'ap chante.
Se li menm ki delivre m.
15Tande #Egz 15.6; Lik 1.51 jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele
anndan lakay yo, sitèlman yo kontan!
Yo genyen batay la, yo delivre.
Senyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.
16Pouvwa Senyè a se yon pakèt afè.
Senyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.
17Non, #Sòm 6.5; 73.28; 107.22 mwen p'ap mouri. M'a viv!
M'a rakonte sa Senyè a fè pou mwen.
18Li #Jer 30.11; 2 Kor 6.9 te pini m byen pini.
Men, li pat touye m.
19Louvri #Eza 26.2 pòt kay Bondye ki fè m jistis la
pou m antre, pou m di Senyè a mèsi.
20Men #Sòm 24.7; Rev 21.27; 22.14 pòt kay Senyè a!
Se moun ki mache dwat devan l sèlman ki ka pase ladan l.
21Senyè, #Sòm 27.1; 116.1 m'ap di ou mèsi paske ou te koute m,
paske se ou menm ki delivre m.
22Wòch #Eza 28.16; Mak 12.10,11; Tra 4.11; Ef 2.20; 1 Pyè 2.4,7 moun ki t'ap bati yo te voye jete a,
se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
23Sa se travay Senyè a menm!
Se bèl bagay pou nou wè sa!
24Ala yon bèl jounen Senyè a ban nou!
Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!
25Aa! #Mat 23.39; Mak 11.9; Jan 12.13 Senyè! Tanpri, delivre nou!
Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè!
26Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!
Nou menm ki nan kay Senyè a, n'ap beni nou.
27Senyè a #Egz 27.2; Sòm 97.11 se Bondye li ye.
Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a.
Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la.
28Se #Egz 15.2; Sòm 99.5; Eza 25.1 ou ki Bondye mwen, mape di ou mèsi.
Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa!
29#Sòm 118.1 lwanj Senyè a paske li bon.
Li p'ap janm sispann renmen nou!

Currently Selected:

Sòm 118: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in