YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 111

111
SÒM 111 (110)
Lwanj Senyè a pou sa li fè
1Lwanj #Sòm 104.35; 138.1 pou Senyè a!
M'a fè lwanj Senyè a ak tout kè m,
nan mitan moun ki mache dwat yo,
nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.
2Bagay #Sòm 92.5; 139.14; Rev 15.3 Senyè a fè se gwo zafè!
Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.
3Tou #Sòm 112.3,9; 145.5 sa li fè, se respè, se chapo ba.
Jistis li la pou tout tan.
4Senyè a #Sòm 86.15 pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo.
Li gen pitye pou nou, li gen bon kè.
5Li #Sòm 34.9,10; 105.8; Mat 6.31-33 bay moun ki gen krentif pou li manje,
li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.
6Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè.
Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo.
7L'ap #Sòm 19.7 kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè.
Nou mèt konte sou kòmandman li yo.
8Yo #Eza 40.8; Mat 5.18; Rev 15.3 la pou tout tan, paske se bagay ki dwat,
se bagay ki vre.
9Li #Sòm 133.3; Lik 1.49,68 delivre pèp li a,
li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase.
Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li!
10#Det 4.6; Jòb 28.28; Pwo 1.7; 3.4; 9.10 ou gen krentif pou Bondye,
se lè sa a ou konmanse gen bon konprann!
Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman.
Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.

Currently Selected:

Sòm 111: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in