YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 109

109
SÒM 109 (108)
Fè m jistis, Bondye
(1a) Pou #Sòm 83.1; Jer 17.14 chèf sanba yo. Se yon sòm David.
1(1b) Bondye, m'ap fè lwanj ou!
Tanpri, pa rete san ou pa di anyen.
2Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m mal.
Y'ap fè manti sou mwen.
3Kote m pase, moun ki rayi m yo ap pale m mal.
Y'ap fè m lagè san mwen pa fè yo anyen.
4Mwen #Sòm 38.20 renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m.
Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.
5M'ap #Sòm 35.12 fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m mal.
Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m.
6Pran yon mechan, mete l chèf sou lènmi m lan.
Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li.
7#Pwo 28.9 yo jije l, se pou yo jwenn li koupab.
Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche.
8Se #Jan 17.12; Tra 1.20 pou l pa gen anpil jou pou l viv ankò.
Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li.
9Se #Egz 22.24; Jer 18.21 pou pitit li yo rete san papa.
Se pou madanm li vin vèv.
10Se #Jen 4.12; Sòm 59.15 pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande.
Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a. #109.10: Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a: Se dapre sa nou jwenn nan yon ansyen vèsyon. Men, tèks ebre a bay: Se pou yo chache vye kay kraze pou yo rete.
11Se pou moun ki te prete l lajan mete men sou tou sa ki pou li.
Se pou etranje piye rekòt jaden li.
12Se #Jòb 5.4 pou pèsonn pa zanmi l ankò.
Se pou pèsonn pa gen pitye pou pitit li kite.
13Se #Sòm 9.5; 21.10 pou tout pitit pitit li yo mouri.
Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.
14Se #Egz 20.5; Ney 4.5 pou Senyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal,
pou l pa janm padonnen peche manman l yo.
15Se #Jòb 18.17; Sòm 34.16; 90.8 pou Senyè a pa janm bliye peche yo te fè.
Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,
16paske li pa janm chonje gen pitye pou pèsonn.
Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo.
17Li #Eze 35.6 renmen bay madichon.
Se pou madichon tonbe sou li.
Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pèsonn pa ba li benediksyon.
18Tout kò l se madichon!
Se pou madichon pase l nan san.
Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l.
19Se pou madichon kouvri l tankou dra.
Se pou madichon mare nan ren l tankou yon sentiwon.
20Se konsa pou Senyè a pini moun ki pa vle wè m yo,
moun k'ap pale m mal yo.
21Men, #Sòm 69.16 Senyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non,
pou sa sèvi yon lwanj pou ou.
Delivre m non paske ou p'ap janm sispann renmen m.
22Se yon pòv malere san sekou mwen ye,
kè m ap fann.
23Kò m #Sòm 102.11 ap tchoule tankou solèy k'ap kouche.
Mwen tankou bigay van ap pote ale.
24Jenou m #Jòb 16.8; Sòm 35.13 fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po.
Mwen fèb anpil!
25#Sòm 22.6,7; Eza 37.22; Mat 27.39 moun wè m, y'ap fè siy sou mwen,
y'ap pase m nan rizib.
26Ede m non, Senyè, Bondye mwen!
Delivre m paske ou gen bon kè.
27Se #Jòb 37.7 pou lènmi m yo konnen
se ou menm, Senyè, k'ap delivre m.
28Yo #2 Sam 16.12; Eza 65.14 mèt ban m madichon.
Men, ou menm, w'ap ban m benediksyon.
Se pou moun ki pa vle wè m yo wont.
Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m gen kè kontan.
29Se #Jòb 8.22; Sòm 35.26; 71.13 pou moun ki pa vle wè m yo wont,
se pou dezonè tonbe sou yo.
30M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m di Senyè a mèsi.
M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,
31paske #Sòm 16.8 li pran defans pòv malere a,
li delivre l anba men moun ki te kondannen l yo.

Currently Selected:

Sòm 109: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in