YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 107:1-9

Sòm 107:1-9 HAT98

Lwanj pou Senyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Wi, moun Senyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo, li mennen yo tounen sòti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid. Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pat kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete. Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pat kapab ankò. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete. Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun. Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.