YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 106

106
SÒM 106 (105)
Bondye pa bay pèp Izrayèl la pinisyon li merite
1Lwanj #1 Kwo 16.34; Jer 33.11 pou Senyè a!
Wi, lwanj pou Senyè a paske li bon:
li p'ap janm sispann renmen nou.
2Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Senyè a fè?
Ki moun ki ka fin fè lwanj li?
3Ala #Sòm 15.2 bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l fè,
ki toujou ap fè sa ki dwat devan li!
4Senyè, #Sòm 119.132 jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m.
Pa bliye m, lè w'ap vin delivre yo.
5Konsa, m'a wè jan moun ou chwazi yo alèz.
M'a fè kè m kontan ansanm ak pèp ou a.
M'a pran plezi m ansanm ak moun ki pou ou yo.
6Tankou #Lev 26.40; 1 Wa 8.47; Ney 1.6,7; Jer 14.20 zansèt nou yo, nou te peche,
nou te fè mechanste,
nou te fè sa ki mal.
7#Egz 14.11,12; Sòm 78.11 zansèt nou yo te nan peyi Lejip,
yo pat konprann mirak ou te fè pou yo.
Yo te bliye jan ou te renmen yo,
yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la. #106.7,9: Lanmè Wouj la: Tèks ebre a bay Lanmè Wozo yo.
8Men, #Egz 9.16; Eze 20.9 li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li,
pou l moutre jan li gen pouvwa.
9Li #Egz 14.21; Eza 51.10; 63.13 te pase Lanmè Wouj la lòd, lanmè a cheche.
Li fè pèp li mache nan fon lanmè a tankou si se te nan yon dezè.
10Li #Egz 14.30; Sòm 107.2 sove yo anba men moun ki te rayi yo,
li delivre yo anba men lènmi yo.
11Dlo a #Egz 14.28 neye tout lènmi yo.
Pa gen yonn ki chape.
12Se #Egz 14.31; 15.1-21 lè sa a pèp li a vin kwè sa l te di a,
yo chante pou fè lwanj li.
13Men, #Egz 15.24; 16.2; Sòm 107.11 lamenm, yo bliye sa l te fè pou yo.
Yo pat tann li fin fè pou yo sa l te gen nan lide l.
14Yo #Egz 17.2; Nonb 11.4; 1 Kor 10.6,9 kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a,
yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo.
15Se #Sòm 78.29; Eza 10.16 konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l la.
Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo.
16Antan #Nonb 16.1-3 yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz
ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a.
17Se #Nonb 16.31,32 konsa latè a fann, li vale Datan,
li fèmen sou Abiram ansanm ak tout moun ki te fè bann ak li yo.
18Dife #Nonb 16.35 grennen sou tout bann lan,
li boule tout mechan yo.
19#Egz 32.4; Tra 7.41 yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf,
yo adore zidòl yo te fè ak lò a.
20Yo #Jer 2.11; Wòm 1.23 pran lwanj ki pou Bondye a
bay yon pòtre bèf ki manje zèb.
21Yo #Sòm 78.11,43 bliye Bondye ki te delivre yo a,
avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip,
22mirak li te fè nan peyi Kam lan,
mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la. #106.22: Lanmè Wouj la: Tèks ebrè a bay Lanmè Wozo yo.
23Se #Egz 32.10,11; Det 9.14,18; Eze 20.13 konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a.
Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li.
Li mande l pou l pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.
24Yo #Nonb 14.31; Det 9.23; Eb 3.18,19 pat vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la
paske yo pat kwè pawòl Bondye.
25Yo #Nonb 14.2 rete anba tant yo, y'ap bougonnen.
Yo pat vle koute Senyè a.
26#Nonb 14.30; Eze 20.23 sa a, Senyè a leve men l, li sèmante
l'ap fè yo peri nan dezè a.
27L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo,
l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje.
28Men, #Nonb 25.2,3; Oze 9.10; Rev 2.14 pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou yal adore Baal lavil Peyò.
Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo.
29Sa #Nonb 25.7,8 te moute kòlè Senyè a anpil sou yo
lè li wè sa yo t'ap fè.
Se poutèt sa maladi tonbe sou yo.
30Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo,
epi pèp la geri.
31Bagay #Nonb 25.10-13 sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon
depi lè sa a pou tout tan.
32Pèp #Nonb 20.2-13 la te fè Senyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a.
Sa te fè Moyiz lapenn pou yo.
33Sa te fè Moyiz sitèlman fache,
li te rive fè bagay li pat gendwa fè.
34Yo #Det 7.2; Jij 1.21,27-36 pat detwi moun lòt nasyon yo
jan Senyè a te mande yo fè a.
35Men, #Jij 3.5,6; Esd 9.2; Eza 2.6 okontrè, yo te marye ak yo,
yo pran tout vye mès yo.
36Yo #Jij 2.12,13; 2 Wa 17.7-12 pran adore zidòl yo.
Sa tounen yon pèlen pou yo.
37Yo #Det 32.17; 2 Wa 17.17; Eza 57.5; Eze 16.20,21; 1 Kor 10.20 ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo
pou touye bay zidòl yo.
38Yo #Nonb 35.33 touye ti inonsan sa yo,
pwòp pitit gason ak pitit fi yo.
Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo.
Se konsa yo fin derespekte tout
peyi a ak san moun yo te touye.
39Avèk #Eze 20.18,30,31 sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo,
yo vire do bay Bondye.
40Senyè a #Jij 2.14; Ney 9.27; Sòm 78.59,62 te fache anpil sou pèp li a.
Li te degoute ak pitit li yo.
41Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo.
Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo.
42Lènmi #Jij 4.3; 10.12 yo t'ap peze yo,
yo te soumèt yo nèt anba men yo.
43Senyè a #Lev 26.39; Jij 2.16; Sòm 81.12; 107.11 te delivre pèp li a anpil fwa.
Men, yo te pito revòlte kont li,
yo te tonbe pi mal nan fè peche.
44Men, #Jij 3.9; 6.6 Senyè a te wè mizè yo,
li te tande jan y'ap rele.
45Li #Lev 26.42; Sòm 90.13; Lam 3.32 chonje kontra li te pase ak yo,
li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil.
46Li #Esd 9.9; Jer 42.12 fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo.
47Delivre #1 Kwo 16.35,36 nou #Sòm 107.3 non, Senyè, Bondye nou.
Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo.
Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè,
pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.
48Ann #Sòm 41.13 fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la!
Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan!
Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre!
Lwanj pou Senyè a!

Currently Selected:

Sòm 106: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in