YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 103

103
SÒM 103 (102)
Ann di Bondye mèsi
(1a) Se #Sòm 104.1 yon sòm David.
1(1b) Kite m di Senyè a mèsi!
Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!
2Wi, #Det 6.12 kite m di Senyè a mèsi.
Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.
3Li #Egz 15.26; 34.7; Eza 33.24; Jer 17.14; Mak 2.5; Lik 7.47 padonnen tout peche m yo,
li geri tout maladi m yo.
4Li #Sòm 56.13 wete m nan bouch twou a.
Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.
5Li #Sòm 107.9; Eza 40.31 kouvri m ak benediksyon pandan tout lavi m,
li fè m rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.
6Senyè a #Sòm 146.7 pa nan patipri.
Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis.
7Li #Egz 33.13; 34.10 fè Moyiz konnen sa l te gen nan tèt li,
li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo.
8Senyè a #Sòm 86.15 gen kè sansib, li gen bon kè.
Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.
9Li #Eza 57.16; Jer 3.5,12; Mi 7.18 p'ap pase tout tan l ap pini nou,
li pa ankòlè pou lontan.
10Li #Esd 9.13 pa aji ak nou jan nou ta merite l la,
li pa pini nou jan l ta dwe pini nou.
11Menm #Sòm 117.2; Lik 1.50 jan syèl la byen lwen anwo tè a,
se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li.
12Menm #Eza 38.17; Mi 7.19 jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a,
se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.
13Menm #Mal 3.17 jan yon papa sansib pou pitit li,
se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.
14Li #Jen 3.19; Sòm 78.39; Ekl 12.7 konnen ak kisa nou fèt,
li chonje se pousyè tè nou ye.
15Lèzòm #Jòb 14.2; Sòm 90.5 menm, lavi yo tankou zèb.
Yo grandi, yo fleri tankou flè savann.
16Kou #Jòb 7.10; Eza 40.7 van soufle sou yo, yo disparèt.
Pèsonn pa rekonèt kote yo te ye a.
17Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo,
se bagay ki la pou tout tan.
L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,
18pou #Det 7.9 moun ki kenbe pawòl yo ak li,
pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.
19Senyè a #Sòm 47.2; 93.2; Da 4.17 mete fòtèy li anwo nan syèl la,
l'ap gouvènen tout bagay.
20Nou #Sòm 148.2; Mat 6.10; Lik 2.13 menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs,
nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè,
nou menm k'ap koute sa l'ap di nou,
fè lwanj Senyè a!
21Nou #Jen 32.2; Da 7.10; Eb 1.14 tout ki fè pati lame ki nan syèl la,
nou tout k'ap sèvi l, k'ap fè volonte li,
di Senyè a mèsi!
22Nou #Sòm 103.1; 145.10 tout kreyati Bondye,
nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen,
di Senyè a mèsi!
Wi, kite m di Senyè a mèsi!

Currently Selected:

Sòm 103: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy