YouVersion Logo
Search Icon

Pwovèb 8

8
Ala bèl bagay lè yon moun gen sajès
1Tande byen. Sajès ap rele byen fò.
Entelijans #Pwo 1.20,21; 9.3 ap pale fò pou tout moun tande.
2Li kanpe sou tèt ti mòn yo,
sou bò wout la, nan mitan kalfou yo.
3L'ap pale byen fò bò pòtay lavil la,
sou tout papòt yo, l'ap di:
4Nou menm lèzòm, se ak nou m'ap pale.
M'ap rele pou tout moun ki sou latè tande.
5Nou menm ki pa gen konprann, vin aprann sa ki rele gen bon konprann
Nou menm k'ap aji tankou moun fou, vin aprann sa ki rele gen lespri.
6Louvri zòrèy nou. Mwen pral di pawòl ki konsekan.
Tou sa mwen pral di yo se bagay ki dwat.
7Sa m #Sòm 37.30 pral di la a se verite.
Mwen pa kapab bay manti.
8Tou sa ki soti nan bouch mwen, se pawòl ki dwa.
Nan sa mwen di yo, pa gen anyen ki pa vre, ni anyen ki kwochi.
9Yo #Pwo 14.6 klè pou moun ki gen bon konprann.
Yo kòrèk pou moun ki gen konesans.
10Pito #Sòm 119.72,127; Pwo 3.14-15 ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan.
Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.
11Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò.
Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m.
12Mwen menm Bon Konprann, mwen gen lespri.
Mwen gen bon tèt pou m konprann.
13#Sòm 97.10; Pwo 16.5,6 yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal.
Mwen pa vle wè moun ògeye ak moun awogan,
moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
14Se #Ekl 7.19; Eza 11.2 mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès.
Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa.
15Se #Da 2.21; Wòm 13.1 mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande.
Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis.
16Se mwen menm ki bay tout chèf yo tèt pou yo kòmande.
Se mwen menm ki fè sa tou pou tout lòt chèf yo
ansanm ak tout lòt moun k'ap dirije lèzòm.
17Mwen #1 Sam 2.30; Sòm 91.14; Jan 14.21; Jak 1.5 renmen moun ki renmen m.
Depi yon moun chache m, fòk li jwenn mwen.
18Mwen #Sòm 112.3; Pwo 3.16; Mat 6.33 bay richès, mwen bay pouvwa.
Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen.
19Tou #Jòb 28.15 sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen.
Yo pi bon pase ajan.
20Mwen fè moun mache dwat devan Bondye.
Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis.
21Lè moun renmen m, mwen ba yo anpil byen.
Mwen plen kay yo ak richès.
22Senyè a #Sòm 104.24; Pwo 3.19; Jan 1.1 te fè m lè li te fenk konmanse ak plan travay li.
Li te fè m lontan lontan anvan tout bagay.
23Li #Kol 1.16,17; Jan 17.5 te fè mwen nan konmansman nèt,
Li fè mwen anpremye anvan tout bagay sou latè.
24Lè m te #Jen 1.2 fenk parèt, pat ankò gen lanmè.
Pat ankò gen okenn sous dlo.
25Lè m te #Jòb 15.7; Sòm 90.2 fèt la, pat ankò gen okenn mòn menm.
Ata ti mòn yo pat ankò nan plas yo.
26Bondye pa te ko fè tè a ak jaden yo.
Menm premye grenn pousyètè pa te ko fèt.
27Mwen te la lè li t'ap mete syèl la nan plas li,
lè li t'ap trase liny kote syèl la kontre ak latè a.
28Mwen #Jen 1.6 te la lè li t'ap mete nyaj yo nan syèl la,
lè li t'ap fè sous dlo pete anba lanmè a.
29Mwen #Jen 1.9,10; Jòb 26.10; Sòm 104.5 te la lè li t'ap bay dlo lanmè a limit pou l pa depase,
lè li t'ap poze fondasyon tè a.
30Mwen #Jan 1.1,2 te la bò kote l ap travay avè l.
Chak jou mwen t'ap fè tout bagay ki te fè l plezi.
Mwen te toujou kontan travay anba je l.
31Mwen #Sòm 16.3; 104.31; Eza 45.18 te kontan mache toupatou sou latè.
Mwen te pran plezi m ak lèzòm.
32Kounyeya, pitit #Sòm 128.1; Lik 11.28 mwen yo, louvri zòrèy nou pou nou tande mwen.
Ala bon sa bon pou moun ki fè sa m di yo fè!
33Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou.
N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa.
34Ala #Pwo 3.13 bon sa bon pou moun ki koute m,
pou moun ki chita nan papòt mwen chak jou,
pou moun k'ap tann bò poto galeri kay mwen!
35#Pwo 3.18; 4.22; Jan 1.4; 17.3 yon moun jwenn mwen, se lavi li jwenn.
Li antre nan favè Bondye.
36Men #Pwo 15.32; 21.6 moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal.
Moun ki rayi m, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.

Currently Selected:

Pwovèb 8: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy