YouVersion Logo
Search Icon

Pwovèb 5

5
Respekte madanm lòt moun
1Pitit mwen, louvri lespri ou pou koute sa m'ap di ou, mwen menm ki gen bon konprann. Louvri zòrèy ou pou ou tande konsèy m'ap ba ou, mwen menm ki gen bon konprann. 2Konsa, #Mal 2.7 w'a konnen jan pou ou kondi tèt ou byen. Pawòl ki sòti nan bouch ou va moutre jan ou se moun ki gen bon konprann. 3Bouch #Sòm 55.21; Pwo 2.16; Kan 4.11 madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo. 4Men, #Sòm 149.6; Ekl 7.26; Lam 3.15 lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò. 5L'ap #Pwo 7.27 mennen ou kote mò yo ye a. Tou sa l'ap fè se pou touye ou. 6#5.6: Nou pa fin sèten se sa vèsè sa a vle di nan tèks ebre a. Li #Pwo 4.26 p'ap chache chemen lavi. L'ap pwonmennen toupatou, li pa konnen kote li prale.
7Kounyeya, pitit mwen yo, koute m byen. Pa janm bliye sa m pral di nou la a. 8Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li, 9pou fanm deyò pa fini avè ou, pou ou pa fè nèg ankòlè touye ou anvan lè ou! 10Si se pa sa, se etranje ki va pran tout byen ou yo. Se lòt moun ki va jwi tou sa ou te travay fè. 11Lè w'a prèt pou ou mouri, w'a kouche sou kabann ou ap plenn. Maladi ap manje ou nan tout kò ou. 12#Sòm 107.11; Pwo 1.22,25,29 sa a, w'a di: Poukisa mwen pat vle kite yo rale zòrèy mwen? 13Mwen pat vle koute moun ki t'ap moutre m sa pou m fè. Mwen pat louvri zòrèy mwen lè yo t'ap pale m. 14Yon ti kras ankò, mwen t'ap nan tout kalite malè. La, devan tout moun, mwen t'ap pèdi repitasyon m.
15Bwè #Kan 4.12,15; Jer 2.13 dlo nan kanari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete. 16Pa fè pitit ak fanm deyò, pou san ou pa trennen nan lari. 17Se #Pwo 14.10 pou pitit ou grandi anndan lakay ou. Yo pa ka ap sèvi ou pou y'ap sèvi moun deyò tou. 18#Ekl 9.9; Mal 2.14 kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan. 19L'ap #Kan 4.5 bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lanmou ak li. 20Pitit #Pwo 5.3 mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun? 21Senyè a #Jòb 31.4; Sòm 119.168; Jer 16.17; Eb 4.13 wè tou sa w'ap fè. Kote ou pase, je l sou ou. 22Mechanste #Sòm 7.15,16; Oze 7.2 mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive. 23Y'ap #Jòb 4.21; Pwo 10.21 mouri paske yo pa konn kontwole tèt yo. Y'ap peri paske yo fin pèdi tèt yo nèt.

Currently Selected:

Pwovèb 5: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in