YouVersion Logo
Search Icon

Pwovèb 24

24
— 19 —
1Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè #Sòm 37.1 zanmi ak yo. 2Yon #Sòm 10.7 sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal.
— 20 —
3Bon #Pwo 14.1 konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l kanpe fèm. 4Kote #Pwo 23.23 ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè.
— 21 —
5Pito #Pwo 21.22 ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki grannèg. 6Paske, #Pwo 20.18 se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la.
— 22 —
7Pawòl moun konprann twò wo pou moun san konprann. Yo pa gen anyen pou yo di kote koze serye ap pale.
— 23 —
8Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l fè sa ki mal, y'ap rele l malveyan. 9Tou #Tra 8.22; 2 Kor 10.5 sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz.
— 24 —
10Si #Eb 12.3 jou malè ou pa gen kouray pou kenbe, ou pat janm gen fòs vre.
— 25 —
11Delivre #Sòm 82.4 moun y'ap trennen pou y'al touye. Sove moun y'ap bourade pou y'al egzekite. 12Si #Jòb 34.11; Pwo 16.2; Ekl 5.8; Jer 32.19 ou pran pòz ou pat konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.
— 26 —
13Pitit #Sòm 19.10; 119.103 mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule sòti nan gato myèl dous nan bouch ou, 14se #Pwo 23.18 konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l ale.
— 27 —
15Pa #Sòm 10.9 janm fè plan tankou mechan yo pou chache fofile kò ou anndan kay moun k'ap mache dwat. Pa chache devalize kote l rete a. 16Paske, #Jòb 5.19; Sòm 37.24; Pwo 14.32 moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò.
— 28 —
17Pa #Pwo 17.5 prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite. 18Senyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l plezi. Li ka rive pa pini l poutèt sa.
— 29 —
19Pa #Sòm 37.1; Jer 12.1 kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo. 20Paske #Jòb 18.5; Pwo 13.9 mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri.
— 30 —
21 # 24.21-22: Nou pa fin sèten se sa vèsè sa yo vle di nan tèks ebre a. Pitit #1 Pyè 2.17 mwen, gen krentif pou Senyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo. 22Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Senyè a osinon wa a ka fè rive sou ou.
Lòt pawòl moun bon konprann
23Men #2 Kwo 19.7; Pwo 18.5 lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò.
Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman. 24#Pwo 17.15 yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l. Y'ap rayi l toupatou sou latè. 25Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l. Tout zafè l va mache byen.
26Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi.
27Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli.
28Pa #Pwo 25.18 leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li. 29Pa #Pwo 20.22 janm di li fè m, m'ap fè l tou. M'ap fè l peye sa li fè a.
30Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann. 31Pikan #Eza 5.5 te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouray jaden yo te fin tonbe. 32Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m yon leson. 33Dòmi, #Pwo 6.10,11 kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon! 34W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.

Currently Selected:

Pwovèb 24: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in