YouVersion Logo
Search Icon

Pwovèb 19

19
1Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou #Pwo 28.6 w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li.
2Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm.
3Se #Rev 16.11 sotiz yon nonm ki fini avè l. Apre sa, li konprann pou l fache sou Bondye.
4#Pwo 14.20 ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.
5#Pwo 6.19; 21.28 yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti.
6Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè.
7 # 19.7: Nou pa fin sèten se sa vèsè sa a vle di nan tèks ebre a. #Pwo 14.20 ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou!
8Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen.
9Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l. Moun k'ap bay manti gen pou mouri.
10Yon #Pwo 30.21,22; Ekl 10.6,7 moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg.
11Yon #Pwo 14.29; Wòm 12.19; Ef 4.32 moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.
12#Sòm 133.3; Pwo 16.14,15; 20.2 yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.
13Yon #Pwo 17.21; 27.15 pitit ki san konprann se yon malè pou papa l. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete.
14Kay #Pwo 18.22; 2 Kor 12.14 ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Senyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.
15Parès #Pwo 6.9-11; 20.4,13 fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou.
16Moun #Pwo 13.13; Lik 10.28 ki fè sa Bondye mande ap viv lontan. Moun ki pa mache jan Bondye vle l la pa lwen mouri.
17#Det 15.7-11; Pwo 12.14; 28.27; Lik 6.38; 2 Kor 9.6,8 ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.
18Korije #Pwo 13.24 pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.
19 # 19.19: Nou pa fin sèten se sa vèsè sa a vle di nan tèks ebre a. Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l pou li tout tan.
20Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.
21Yon #Sòm 33.10,11; Pwo 16.9; Eza 14.26,27 moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Senyè a vle a, se sa ki pou rive.
22Tou sa yo mande yon moun se pou l gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l mantò.
23Gen #Pwo 10.16; 1 Tim 4.8 krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.
24Gen #Pwo 26.15 moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo.
25Pase #Pwo 9.8; 21.11 awogan yon je baton, moun san konprann va pran men yo. Rale zòrèy moun konprann, y'a vin gen plis konesans.
26Se yon wont, se yon dezònè pou yon pitit aji mal ak papa l, osinon pou l mete manman l deyò lakay li.
27Pitit #2 Pyè 2.21 mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja.
28Yon #Jòb 15.16 temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste.
29Baton #Pwo 26.3 an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.

Currently Selected:

Pwovèb 19: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in