YouVersion Logo
Search Icon

Pwovèb 12

12
1Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou #Pwo 5.12 vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann. 2Senyè a #Pwo 8.35 kontan ak moun k'ap fè sa ki byen. Men, l'ap kondannen moun ki toujou sou plan.
3#Pwo 10.25 mechanste pa bay moun fòs pou yo rete kanpe. Men, moun ki mache dwat p'ap janm brannen.
4Yon #Pwo 14.30; 31.10; Kan 3.11 bon madanm, se yon lwanj pou mari li. Men yon madanm ki fè mari li wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.
5Yon #Mat 12.35 nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou.
6Pawòl #Pwo 14.3 ki soti nan bouch mechan, se koze ki make san. Men pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se delivrans pou moun ki nan danje.
7Rive #Jòb 34.25; Pwo 10.25,30 yon lè, pye mechan yo chape. Ou chache yo, ou pa wè yo. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo ap toujou la.
8Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan.
9Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou.
10Moun #Det 25.4 ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray.
11Moun #Pwo 28.19 ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye.
12 # 12.12: Nou pa fin sèten se sa tèks ebre a vle di. Mechan toujou ap fè gwo lide dèyè bagay mechan parèy yo pran. Men, moun k'ap mache dwat ap fè bagay k'ap rapòte yo.
13Pawòl #Pwo 18.7; 21.23; Mat 12.37 ki sòti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap sòti nan tout move pa.
14Rekonpans #Pwo 13.2; 18.20; Eza 3.10,11 yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè.
15Moun #Pwo 3.7; 16.2 sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.
16Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l malonèt, li fè tankou li pa konprann.
17#Pwo 6.19 ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje.
18Pawòl #Sòm 57.4 moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd.
19Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan.
20Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan.
21Malè #Sòm 91.10; Wòm 8.28 pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou.
22Senyè a #Pwo 6.17; 11.1,20 pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.
23Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.
24Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun.
25Tèt #Pwo 15.13 chaje kraze kouray yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l kontan.
26Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo.
27 # 12.27: Nou pa fin sèten se sa dezyèm fraz nan vèsè sa a vle di nan tèks ebre a. Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li.
28#Pwo 10.2 sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò.

Currently Selected:

Pwovèb 12: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy