YouVersion Logo
Search Icon

Pwovèb 10

10
Pwovèb wa Salomon yo
1Men pwovèb wa Salomon yo:
Yon pitit ki gen bon #Pwo 1.1; 17.25; 29.3,15 konprann fè kè papa l kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l lapenn.
2Byen #Pwo 11.4; 21.6; Eze 7.19 ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou.
3Senyè a #Sòm 34.9,10; 112.10 p'ap kite moun ki mache dwat soufri grangou. Men, l'ap anpeche mechan an jwenn sa li anvi a.
4Parese #Pwo 13.4; 21.5 fè ou pòv, men travay di fè ou rich.
5Yon #Pwo 6.6-8 moun ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men se yon wont pou moun ki pase tout tan rekòt la ap dòmi.
6Benediksyon Bondye ap chita sou yon nonm debyen. Pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l mechan.
7Y'ap #Sòm 9.5; 112.6 toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men talè konsa, non mechan an ap sèvi jouman.
8Moun #Mat 7.24,25 ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri.
9Yon #Pwo 3.23; 28.18; Eza 33.15,16; 1 Tim 5.25 nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.
10Moun #Pwo 6.13 k'ap twenzi je yo sou moun, se moun k'ap voye wòch kache men. Men, moun ki pale kare anpeche kont. #10.10: Men moun ki pale kare anpeche kont: Men yon lòt jan yo ta ka di l dapre tèks ebre a: Moun k'ap pale vèbal ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.
11Pawòl #Sòm 36.9; Pwo 13.14 ki sòti nan bouch moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Men, pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l mechan.
12#Pwo 17.9; 1 Pyè 4.8 ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.
13Moun #Pwo 6.32; 19.29 lespri pale bon pawòl. Men, pou moun san konprann, se baton nan dèyè yo.
14Moun ki gen bon konprann toujou ap aprann. Men, lè moun san konprann ap pale, malè pa lwen.
15Byen #Pwo 18.11 yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li.
16Travay #Pwo 11.19; 19.23 moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Lajan moun k'ap fe sa ki mal yo se pou malè yo.
17Moun #Pwo 6.23 ki koute lè yo rale zòrèy yo ap jwenn chemen lavi. Men, moun ki refize admèt lè yo antò pèdi chemen yo.
18Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san kouprann.
19Plis #Pwo 17.27; Mat 12.36,37; Jak 1.19; 3.2 ou pale, plis ou ka peche. Lè ou gen bon konprann, ou kenbe bouch ou fèmen.
20Pawòl ki sòti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen.
21Pawòl ki sòti nan bouch moun k'ap mache dwat ap pwofite anpil moun. Men, moun sòt yo ap mouri, paske yo pa gen konprann.
22Benediksyon #Jen 24.35; Det 8.18 Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li. #10.22: Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li: Men yon lòt jan yo ta ka di l dapre tèks ebre a: Lèfini, Bondye p'ap bay tèt chaje mete sou li.
23Lè moun san konprann ap fè sa ki mal, se tankou yon jwèt pou yo. Men, yon moun lespri pran plezi l nan chache gen bon konprann.
24Yon #Jòb 15.21; Sòm 145.19; Eza 66.4; Mat 5.6 moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l pè rive l la k'ap rive l.
25Depi #Jòb 21.18; Sòm 15.5; 58.9; Mat 7.24-27 move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm.
26Pa janm voye parese fè komisyon pou ou. L'ap ennève ou menm jan sitwon fè dan moun gasi, menm jan lafimen fè je moun koule dlo.
27Krentif #Jòb 15.32,33; Pwo 3.2; Ekl 7.17 pou Bondye fè moun viv lontan. Men, mechan yo mouri anvan lè yo.
28Sa #Jòb 8.13; Wòm 5.2 moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan.
29Chemen #Pwo 21.15 Bondye se yon pwoteksyon pou moun ki serye. Men, l'ap detwi moun k'ap fè mal yo.
30Yo #Sòm 37.22,29; 125.1 p'ap janm ka brannen moun k'ap mache dwat. Men mechan yo ap disparèt nan peyi a.
31#Sòm 37.30 moun k'ap mache dwat ap pale, se bon koze y'ap bay. Men moun move lang yo ap disparèt.
32Moun #Ekl 10.12 k'ap mache dwat konn bèl pawòl pou yo di. Men lang mechan yo, se kouto debò.

Currently Selected:

Pwovèb 10: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy