YouVersion Logo
Search Icon

Nonb 34

34
Fontyè peyi Kanaran
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Men #Jen 17.8; Egz 3.8; Sòm 105.11 lòd w'a bay moun Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a antre nan peyi Kanaran mwen pral ban nou an, men fontyè ki pral limite peyi a.
3Sou #Joz 15.1,2 bò sid la, n'a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a. 4L'a #Joz 15.3 chankre desann nan direksyon sid bò pas Eskòpyon yo, l'a travèse dezè Zin lan, jouk li rive anba nèt bò Kadès-Banea. L'a pran direksyon nò, l'a moute bò Aza-Ada, l'a rive Achmon, 5l'a #Jen 15.18; Joz 15.4 chankre bò ravin ki sèvi fontyè ak peyi Lejip la, epi l'a bout nan Lanmè Mediterane.
6Sou bò solèy kouche, teritwa nou an va rive jouk sou rivay gwo lanmè a. Se Lanmè Mediterane a ki va sèvi nou fontyè.
7Sou bò nò a, fontyè a va swiv yon liny dwat ki sòti depi gwo lanmè a rive sou mòn Or la. 8Antan #Nonb 13.21; 2 Wa 14.25; Eze 47.15,16 nou la, n'a trase yon liny dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad. 9N'a #Eze 47.17 pouse pi lwen toujou nan direksyon Zifwon jouk nou rive Aza-Enan. Men fontyè nou sou bò nò a.
10Fontyè sou bò solèy leve a va sòti Aza-Enan pou rive Chefam. 11L'a #Det 3.17; Joz 12.3; 2 Wa 23.33 desann sòti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L'a desann pi ba toujou jouk la rive sou rivay lanmè Galile a, sou bò solèy leve. 12Fontyè a va swiv larivyè Jouden an pou l al bout sou lanmè Sale a.
Men fontyè k'ap limite peyi nou an sou kat bò.
13Moyiz #Joz 14.1,2 bay moun Izrayèl yo lòd sa yo:
— Men peyi nou pral separe yonn ak lòt la. Nou pral tire osò pou fè sa. Men peyi Senyè a bay pou nèf branch fanmi ak mwatye yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la. 14Branch #Nonb 32.33; Joz 14.3 fanmi Riben lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a deja resevwa tè pa yo, chak fanmi apa. 15Yo resevwa pòsyon tè pa yo ki anfas lavil Jeriko, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve.
Chèf pou pataj tè a
16Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
17— Men #Joz 14.1 non moun ki pral fè pataj tè a pou nou: se va Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, 18avèk douz chèf n'a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi. 19Men non chèf yo. Pou branch fanmi Jida a, se va Kalèb, pitit gason Jefoune a. 20Pou branch fanmi Simeyon an, se va Chemwèl, pitit gason Amiyoud la. 21Pou branch fanmi Benjamen an, se va Elidad, pitit gason Kislòn lan. 22Pou branch fanmi Dann lan, se va chèf Bouki, pitit gason Jogli a. 23Pou branch fanmi Jozèf la, va gen chèf Aniyèl, pitit gason Efòd la, pou fanmi Manase a, 24ak chèf Kemwèl, pitit gason Chiftan an, pou fanmi Efrayim lan. 25Pou branch fanmi Zabilon an, se va chèf Elichafan, pitit gason Panak la. 26Pou branch fanmi Isaka a, se va chèf Paltiyèl, pitit gason Azan an. 27Pou branch fanmi Asè a, se va chèf Akiyoul, pitit gason Chelomi a. 28Pou branch fanmi Neftali a, se va chèf Pedayèl, pitit gason Amiyoud la. 29Men moun Senyè a te mete reskonsab pou fè pataj tè a pou bay chak moun nan pèp Izrayèl la pòsyon pa yo nan peyi Kanaran.

Currently Selected:

Nonb 34: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in