YouVersion Logo
Search Icon

Nonb 29

29
Fèt twonpèt yo
(Levitik 23.23-25)
1Premye jou setyèm mwa a, n'a sanble #Lev 23.24,25; Nonb 10.10 tout moun pou yo vin fè sèvis pou adore Bondye. Jou sa a, pèsonn p'ap gendwa fè okenn gwo travay. Se jou sa a tou, y'a kònen twonpèt yo pou fè konnen jou a rive. 2Men bèt n'a ofri pou yo boule nèt pou Senyè a, men ofrann bon sant li ap fè Senyè a plezi: yon jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ennan. Fò yo tout san okenn enfimite. 3N'a fè ofrann grenn jaden yo tou sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit farin frans pou towo a, katòz ti mamit pou belye mouton an, 4ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo. 5N'a ofri tou yon bouk kabrit pou mande padon pou peche. Se konsa n'a fè ofrann bèt pou touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la. 6N'a #Lev 6.9; Nonb 28.3-8,11-15 fè ofrann sa yo anplis ofrann bèt pou yo boule nan dife chak premye jou nan mwa yo ansanm ak ofrann grenn jaden ki toujou mache avèk yo a, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki toujou mache avè l la. Se ofrann manje sa yo n'a boule nèt pou Senyè a. Se va ofrann k'ap fè Senyè a plezi ak bon sant yo.
Ofrann gran jou padon an
(Levitik 23.26-32)
7Dizyèm #Lev 16.29; 23.27; Sòm 35.13; Eza 58.5-7 jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, tout moun va rete san manje. Pèsonn p'ap gendwa fè okenn travay. 8N'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye. Se va yon ofrann ki va fè Senyè a plezi ak bon sant li. Men bèt n'a ofri: yon towo bèf, yon belye mouton, sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 9N'a fè ofrann grenn jaden ki pou mache ak chak bèt sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit farin pou towo bèf la, katòz ti mamit pou belye mouton an 10ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo. 11N'a #Lev 16.3,5 ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche anplis ofrann bèt pou touye pou gran jou padon an, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann bwason ki mache ak yo a.
Ofrann fèt tabènak
(Levitik 23.33-44)
12Kenzyèm #Lev 23.33-35; Det 16.13 jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pèsonn p'ap gendwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Senyè a pandan sèt jou. 13Premye #Esd 3.4 jou a, #29.13: Premye jou a: Se nan vèsyon grèk la nou jwenn fraz sa a, men pa genyen l nan tèks ebre a. n'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Senyè a, ofrann ki va fè Senyè a plezi ak bon sant li. Men bèt pou nou ofri: trèz towo bèf, de belye mouton, katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 14Men ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv ki pou mache ak bèt yo: venteyen ti mamit farin frans pou chak towo, katòz ti mamit pou chak belye, 15ak sèt ti mamit pou chak ti mouton, ansanm ak ofrann bwason ki pou mache ak yo chak. 16N'a ofri tou yon bouk kabrit pou mande Bondye padon pou peche. N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann pou nou boule nèt chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki pou mache avè l yo.
17Dezyèm jou fèt la, n'a ofri douz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 18Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 19Epi, anplis ofrann bèt nou fè pou yo boule nèt pou Senyè a chak jou ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
20Twazyèm jou fèt la, n'a ofri onz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 21Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 22Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Senyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
23Katriyèm jou fèt la, n'a ofri dis towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 24Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 25Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Senyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
26Senkyèm jou fèt la, n'a ofri nèf towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 27Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 28Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Senyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
29Sizyèm jou fèt la, n'a ofri wit towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 30Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 31Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Senyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
32Setyèm jou fèt la, n'a ofri sèt towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 33Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an. 34Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Senyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
35Uityèm #Lev 23.36; Jan 7.37 jou fèt la, n'a sanble tout moun pou adore Bondye. Jou sa a, pèsonn p'ap fè okenn gwo travay. 36N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife, ofrann ki va fè Senyè a plezi ak bon sant li. Men bèt pou nou ofri: yon towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 37Ansanm ak chak bèt n'a ofri ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an, 38Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Senyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo.
39Men #Egz 23.14-17; Lev 7.11,16; 22.21; 23.4-36 tou sa nou va ofri bay Senyè a lè n'ap fè gwo fèt nou dwe fè pou li yo, apa ofrann n'ap fè paske nou te pran angajman pou nou te fè yo, ou ankò ofrann n'ap fè paske nou rete konsa nou vle fè l, mete sou bèt n'ap ofri pou boule nèt nan dife pou Bondye, sou ofrann grenn jaden ak ofrann bwason yo, ak sou ofrann nou fè pou di Bondye mèsi.
40 # 29.40—30.16: Koresponn ak chapit 30.1-17 nan tèks ebre a. Se konsa Moyiz te di pèp Izrayèl la tou sa Senyè a te ba li lòd di yo.

Currently Selected:

Nonb 29: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in