YouVersion Logo
Search Icon

Nonb 21

21
Izrayèl bat Kanaran
1Wa lavil Arad la, nan rejyon Negèv #Nonb 13.21,22 la, te yon moun peyi Kanaran. Lè li vin tande moun pèp Izrayèl yo t'ap vini sou chemen ki mennen Atarim lan, l'al atake yo. Li fè kèk ladan yo prizonye. 2#Lev 27.28,29 sa a, moun pèp Izrayèl yo fè yon ve bay Senyè a, yo di konsa:
— Si ou lage moun sa yo nan men nou, n'ap mete yo tout apa pou ou ansanm ak tout lavil yo. N'ap detwi yo nèt.
3Senyè a tande sa yo te mande li a, epi li ede yo. Li fè yo mete men sou moun Kanaran yo ak tout lavil la. Moun pèp Izrayèl yo disparèt ni moun yo ni tout vil yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Destriksyon.
Sèpan kwiv la
4Moun #Nonb 33.41; Jij 11.18 Izrayèl yo pati, yo kite mòn Or la, yo pran wout ki mennen bò Lanmè Wouj la, #21.4: Lanmè Wouj la: Tèks ebre a bay Lanmè Wozo yo. pou yo pa pase nan peyi Edon an. Men, antan y'ap vwayaje a, pèp la vin dekouraje. 5Pèp #Egz 16.3; 17.3; Nonb 11.6 la pale Bondye ansanm ak Moyiz mal, yo leve dèyè yo, yo di konsa:
— Poukisa nou fè nou sòti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou fè nou vin mouri nan dezè sa a kote ki pa gen ni manje ni dlo. Nou bouke manje vye manje sa a ki pa ka fè anyen pou nou ankò.
6#Det 8.15; 1 Kor 10.9 sa a, Senyè a voye yon bann ti sèpan sou pèp la. Kote sèpan sa yo mòde ou la boule kou dife. Yo mòde pèp la. Anpil moun te mouri. 7Pèp #Egz 8.8,28; 1 Sam 12.19; 1 Wa 13.6 la vin jwenn Moyiz, yo di l konsa:
— Nou rekonèt nou fè sa ki mal lè nou pale kont Senyè a ak kont ou menm tou. Tanpri, lapriyè Senyè a pou nou pou l fè sèpan sa yo ale.
Moyiz lapriyè pou pèp la vre. 8Senyè a di Moyiz konsa:
— Fè pòtre yon sèpan parèy ak sèpan sa yo. Mete l sou yon poto byen wo. Konsa, depi yon sèpan mòde yon moun, moun lan va annik gade pòtre sèpan an, epi li p'ap mouri.
9Moyiz #2 Wa 18.4; Jan 3.14,15 pran kwiv, li fonn li, li fè yon sèpan parèy ak sèpan yo. Lèfini, li mete l sou yon poto byen wo. Tout moun sèpan mòde, depi yo voye je yo gade sèpan an kwiv la, yo pa mouri.
Rive Izrayèl peyi Mowab
10Moun pèp Izrayèl yo pati, y'al moute kan yo nan fon Obòt la. 11Apre sa, yo kite fon Obòt, y'al moute kan yo bò mazi Abarim yo nan dezè ki sou bò lès peyi Mowab la. 12Apre sa ankò, yo kite kote yo te ye a, y'al moute kan yo nan ravin Zerèd. 13#Jij 11.18 yo kite ravin Zerèd, y'al moute kan yo lòt bò larivyè Anon nan dezè ki rive jouk nan teritwa moun Amori yo. Rivyè Anon sa a te sèvi fontyè ant peyi Mowab ak peyi Amori a. 14Se poutèt sa, nan liv istwa ki rakonte batay Senyè a, nou jwenn yo pale sou lavil Vayèb, nan peyi Soufa a, ak ravin li yo, sou rivyè Anon 15avèk fon lavalas li yo, ki desann bò lavil Ar-Mowab la nan direksyon fontyè peyi Mowab la.
16Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y'al yon kote yo rele Beyè. #21.16: Beyè: Se yon mo ebre ki vle di pi dlo a. Se la Senyè a te pale ak Moyiz, lè li te di l: Reyini tout pèp la. Mwen pral ba yo dlo. 17Lè sa a, moun Izrayèl yo pran chante chante sa a:
Pi a bay dlo!
Annou chante pou sa!
18Pi chèf yo te fouye
Avèk baton kòmandan yo!
Pi grannèg yo te fouye
Avèk baton yo sèvi lè y'ap mache a!
Apre sa, yo kite dezè a, y'al moute kan yo Matana. 19Lè yo kite Matana, y'ale Nakalyèl. Lè yo kite Nakalyèl, yo moute Bannòt. 20#Nonb 23.28; 1 Sam 23.19,24; 26.1,3 yo kite Bannòt, y'ale nan fon ki nan peyi Mowab la, jouk sou tèt mòn Pisga, kote y'ap gade tout dezè a nan pye yo.
Izrayèl anvayi moun Amori yo
(Detewonòm 2.26-37)
21#Det 2.26,27; Jij 11.19 sa a, moun pèp Izrayèl yo voye mesaje bò kote Siyon, wa peyi Amori a, pou di l konsa:
22— Kite #Nonb 20.17 nou pase ase nan mitan peyi ou la! Nou p'ap kite wout nou pou pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata bwè nou p'ap bwè dlo nan pi ou yo. N'ap rete sou gran chemen ou va moutre nou an, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi ou la.
23Men, #Det 2.32 Siyon pat vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp li a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l'al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l atake yo. 24Men, #Det 2.33; Joz 12.1,2; Ney 9.22 moun Izrayèl yo touye anpil ladan yo nan batay la, yo pran tout peyi a nan men yo, depi larivyè Anon nan sid rive larivyè Jabòk nan nò, toupre fontyè peyi Amon an, ki te yon fontyè byen gade. 25Se konsa, moun Izrayèl yo pran tout lavil moun Amori yo, depi Esbon, kapital la ak lòt ti bouk nan vwazinay li ki te sou kont li, epi yo rete ladan yo tout. 26Lavil Esbon te kapital peyi a. Se la Siyon, wa peyi Amori a, te rete. Se menm Siyon sa a ki te goumen kont ansyen wa peyi Mowab la epi ki te pran tout peyi a pou li jouk larivyè Anon. 27Se poutèt sa sanba yo di:
— Ann ale Esbon! Ann al bati l ankò!
Ann al mete lavil wa Siyon an kanpe sou de pye l ankò!
28Paske #Eza 15.1; Jer 48.45 yon sèl dife te sòti lavil Esbon,
Wi, lame wa Siyon an derape tankou yon flanm dife,
li boule lavil Ar-Mowab.
Li devore tout chèf ki rete sou mòn Anon an.
29Sa #1 Wa 11.7,33; Jer 48.7,46 pral rèd nèt pou nou, moun peyi Mowab!
Nou pèdi nèt, nou menm sèvitè Kemòch!
Bondye nou an fè pitit gason nou yo kouri al kache.
Li kite pitit fi nou yo tounen prizonye
nan men Siyon, wa peyi Amori a.
30 # 21.30: Vesè sa a pa klè nan tèks ebre a. Men #Eza 15.2 kounyeya, se moun lavil Esbon yo ki pèdi nèt fwa sa a!
Nou mete kou sou yo depi lavil Esbon rive Dibon!
Nou devaste peyi a kite l blanch jouk Nofak, toupre Medeba.
31Se konsa, moun pèp Izrayèl yo vin rete nan peyi Amori a.
32Moyiz #Jer 48.32 menm voye kèk moun wè ki jan sa ye nan lavil Jazè. Apre sa, moun Izrayèl yo mache pran lavil la ak lòt ti bouk ki nan vwazinay li. Kote yo pase, yo mete moun Amori yo deyò lakay yo.
Izrayèl anvayi Bazan
(Detewonòm 3.1-11)
33Apre #Det 3.1 sa, moun pèp Izrayèl yo tounen sou wout yo, yo pran chemen ki mennen lavil Bazan. Epi Og, wa lavil Bazan an, leve tout pèp li a, li vin kontre ak yo pou l atake yo bò Edreyi. 34Senyè a #Det 3.2 di Moyiz konsa:
— Ou pa bezwen pè mesye! M'ap fè nou kraze l anba pye nou, li menm ansanm ak tout pèp li a. M'ap fè nou pran peyi l la pou nou. Nou pral fè l pase sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete Esbon an, pase.
35Se #Det 3.3,4; Ney 9.22 konsa, moun pèp Izrayèl yo touye Og, ansanm ak pitit gason l yo ak tout pèp li a. Yo pa kite yonn chape, yo pran tout peyi a pou yo.

Currently Selected:

Nonb 21: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in