Mak 8:34-35
Mak 8:34-35 HAT98
Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: — Si yon moun vle mache dèyè m, se pou l bliye tèt li, se pou l chaje kwa l sou zepòl li epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen ak Bòn Nouvèl la, li va sove li.