YouVersion Logo
Search Icon

Mak 14

14
Chèf prèt yo ap fè konplo sou Jezi
(Matye 26.1-5; Lik 22.1-2; Jan 11.45-53)
1Nan de jou, se te fèt Pak ak fèt #Mat 26.1-5; Lik 22.1-2 Pen San Ledven. Chèf prèt yo ak direktè lalwa yo t'ap chache okazyon arete Jezi san pesonn pa konn sa, pou fè touye li. 2Yonn t'ap di lòt:
— Nou pa kapab arete l pandan jou fèt yo, paske sa ka kreye dezòd nan pèp la.
Yon fanm vide odè sou tèt Jezi
(Matye 26.6-13; Jan 12.1-8)
3Jezi #Mat 26.6-13; Jan 12.1-8 te #Lik 7.36 Betani, lakay Simon, nèg ki te gen lalèp la. Pandan li te atab, yon madamn vin antre. Li te pote yon ti boutèy pòslèn plen losyon byen chè. Madamn lan dekachte boutèy la, li vide tout losyon an sou tèt Jezi. 4Nan moun ki te la yo, gen ladan yo ki pat kontan menm, yonn t'ap di lòt:
— Poukisa tout gaspiyay odè sa a? 5Yo ta kapab vann li twasan (300) goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pòv lajan an.
Yo t'ap kritike fanm lan byen fò. 6Men Jezi di yo:
— Kite l an repo. Poukisa n'ap fè l tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen. 7Pòv #Det 15.11 yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m tout tan avèk nou. 8Fanm lan fè sa l te kapab. Depi davans li tou benyen kò m pou lantèman mwen. 9Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse Bòn Nouvèl la, y'a rakonte tou sa fanm lan fè la a pou yo pa janm bliye li.
Jida fè lide trayi Jezi
(Matye 26.14-16; Lik 22.3-6)
10#Mat 26.14-16; Lik 22.3-6 sa a, Jida Iskaryòt, yonn nan douz disip yo, leve, l'al jwenn chèf prèt yo pou fè yo pran Jezi. 11Yo te kontan tande sa Jida t'ap di yo. Epi yo pwomèt li lajan. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou li fè yo pran Jezi.
Jezi manje manje Delivrans lan avèk disip li yo
(Matye 26.17-25; Lik 22.7-14,21-23; Jan 13.21-30)
12Se te premye #Mat 26.17-19; Lik 22.7-13 jou fèt Pen San Ledven an, jou yo te konn fè sakrifis ti mouton pou fèt Pak la, disip yo mande Jezi:
— Ki bò ou ta vle n'al pare pou nou fete fèt Pak la?
13Lè sa a, Jezi rele de nan disip li yo, li di yo:
— Ale lavil la. N'a kontre yon moun k'ap pote yon krich dlo: swiv li. 14Kote #Mak 11.3 la antre a, antre dèyè li. N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l manje manje Delivrans lan avèk disip li yo. 15L'a moutre nou yon gwo chanm, tou pare tou meble, anwo kay la. Se la n'a pare manje Delivrans lan pou nou tout.
16Disip yo pati, yo rive lavil la. Yo jwenn tout bagay jan l te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.
17#Mat 26.20-29; Lik 22.14-23; Jan 13.21-26 solèy fin kouche, Jezi vin rive avèk douz disip yo. 18Antan #Sòm 41.9 yo te chita bò tab la ap manje, Jezi di konsa:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou k'ap manje avèk mwen la a pral trayi mwen.
19Lè sa a, kè disip yo kase. Yonn apre lòt yo pran mande li:
— Eske se mwen menm?
20Li reponn yo:
— Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avè m nan plat la. 21Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt.
Manje Senyè a
(Matye 26.26-30; Lik 22.14-20; 1 Korent 11.23-25)
22Pandan #1 Kor 11.23-25 yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase pen an separe bay disip yo epi li di yo konsa:
— Men, pran. Sa a se kò mwen.
23Apre sa, li pran yon gode diven, li rann gras. Li pase gode a bay disip yo, epi yo bwè. 24Epi #Egz 24.8; Zak 9.11 Jezi di yo:
— Sa a se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ak nou an, san ki koule pou anpil anpil moun. 25Sa m'ap di nou la a se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon diven nouvo nan peyi kote Bondye wa a.
26Fini #Mat 26.30-35; Lik 22.31-34,39 yo #Sòm 113—118 fin chante kantik louwanj Bondye, y'ale mòn Olivye.
Jezi anonse Pyè li pral trayi li
(Matye 26.31-35; Lik 22.31-34; Jan 13.36-38)
27Jezi #Zak 13.7 di disip li yo:
— Nou tout, nou pral bandonnen mwen poukont mwen. Paske men sa ki ekri: - M'ap frape gadò mouton yo, epi tout mouton yo pral gaye. 28Men #Mak 16.7 apre, lè m'a leve sòti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile.
29Pyè di li:
— Menm si tout moun ta kouri kite ou, mwen menm mwen p'ap janm fè sa.
30Jezi #Jan 13.38 reponn li:
— Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Jòdi a menm, pandan lannwit sa a, anvan kòk chante de fwa, w'a gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen.
31Men, #Jan 11.16 Pyè t'ap kenbe tèt, li t'ap di:
— Menm si mwen ta dwe mouri ak ou, mwen p'ap janm di sa.
Tout lòt disip yo t'ap repete menm bagay la tou.
Jezi ap lapriyè nan jaden Jetsemane
(Matye 26.36-46; Lik 22.39-46)
32Apre #Mat 26.36-46; Lik 22.40-46 sa, #Jan 18.1 yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo:
— Chita la, mwen pral lapriyè pi devan.
33Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l ak yon kè sere ki pran li. 34Li #Jan 12.27; Sòm 43.5 di yo:
— Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dòmi pran nou.
35Lale yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè. Li mande si se posib pou l pa ta bezwen soufri tout soufri sa a. 36Li #Mak 10.38 t'ap di:
— O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a.
37Li tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa:
— Simon! W'ap dòmi? Ou pat kapab rete je klè menm yon ti moman? 38Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb.
39Li kite yo ankò, l'al fè menm lapriyè a. 40Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dòmi ankò paske yo pat kapab kenbe je yo louvri. Yo pat konn sa pou yo te reponn li.
41Lè l tounen twazyèm fwa a, li di yo:
— N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase kounyeya. Lè a rive. Men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo. 42Leve #Jan 14.31 non. Men moun ki trayi mwen an ap vini.
Yo arete Jezi
(Matye 26.47-56; Lik 22.47-53; Jan 18.3-12)
43Jezi #Mat 26.47-58; Lik 22.47-55; Jan 18.2-18 t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li: se chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo ki te voye yo avèk li. 44Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l ba yo yon siyal. Li te di yo:
— Moun n'a wè m bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l chape.
45Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li:
— Mèt!
Epi li bo li. 46Menm lè a, moun yo mete men sou Jezi, yo arete li. 47Yonn nan disip yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la. Li koupe yon zòrèy li. 48Jezi pran lapawòl, li di yo:
— Nou vin dèyè m ak nepe, ak baton, tankou si m te yon ansasen. 49Men, toulejou mwen te la nan mitan nou, mwen t'ap pale nan tanp lan. Lè sa a nou pat janm arete mwen. Men, tou sa pase konsa pou sa ki ekri a ka rive vre.
50Lè sa a tout disip yo kite l, yo pran kouri.
51Te gen yon jenn gason ki t'ap swiv Jezi. Li te gen yon dra ase sou li. Yo mete men sou mesye. 52Men, li lage dra a, li chape nan men yo toutouni.
Jezi devan Gran Konsèy jwif yo
(Matye 26.57-68; Lik 22.54-55,63-71; Jan 18.13-14,19-24)
53Yo mennen Jezi kay granprèt la. Se la tout chèf prèt yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo te reyini. 54Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen. Li antre jouk nan fon lakou granprèt la. Li chita ak gad yo bò dife a, li t'ap chofe.
55Chèf #Mat 26.59-68; Lik 22.63-71; Jan 18.19-24 prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi pou yo te kondannen l amò, men yo pat kapab jwenn anyen menm. 56Anpil moun te vin fè manti sou li. Men, pawòl yo pat dakò. 57Lè sa a, kèk moun leve kanpe, yo fè manti sa a sou li:
58— Nou #Jan 2.19; 4.21,23 te tande l di: M'a kraze tanp moun te fè a, epi nan twa jou m'a bati yon lòt tanp moun pa ka fè.
59Menm sou pwen sa a yo pat dakò. 60Lè sa a, granprèt la leve nan mitan asanble a, li poze Jezi kèsyon, li di l konsa:
— Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?
61Jezi #Mak 15.5; Eza 53.7 pa louvri bouch li, li pa reponn anyen. Granprèt la kèsyonnen li ankò, li mande l:
— Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye ki merite lwanj la?
62Jezi #Da 7.13; Sòm 110.1 reponn li:
— Wi, se mwen menm. Nou gen pou nou wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m tou ap vini anwo nyaj yo nan syèl la.
63Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di:
— Sa nou bezwen temwen ankò fè? 64Nou #Jan 19.7 sot tande jan l pale mal sou Bondye. Sa nou di nan sa?
Yo tout deklare Jezi koupab, yo di li merite lanmò. 65Kèk ladan yo tonbe krache sou li, yo bouche je l, yo pran ba l koutpwen. Lèfini yo di li:
— Si ou konnen di nou ki moun k'ap fè ou sa?
Menm gad yo pran bay Jezi souflèt.
Pyè trayi Jezi
(Matye 26.69-75; Lik 22.56-62; Jan 18.15-18,25-27)
66Antan #Mat 26.69-75; Lik 22.56-62; Jan 18.25-27 Pyè te anba nan lakou a, yonn nan sèvant granprèt la vin rive. 67Li wè Pyè ap chofe, li gade l byen. Li di l konsa:
— Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Nazarèt la?
68Pyè reponn:
— Mwen pa konnen. Mwen pa konprann sa ou vle di la a.
Epi Pyè sòti pou l'al nan pyès devan kay la. Menm lè a, yon kòk chante.
69Menm sèvant lan wè l ankò. Li pran di moun ki te la yo:
— Nonm sa a fè pati moun sa yo wi.
70Men Pyè demanti l ankò. Yon kadè apre, moun ki te la yo di Pyè ankò:
— Se vre, monchè. Ou fè pati moun sa yo, ou se moun Galile.
71Lè sa a, Pyè konmanse di:
— Mwen mande Bondye nenpòt bagay rive m si m manti: mwen pa konnen nonm n'ap pale la a.
72Menm #Mak 14.30 lè a, kòk la chante yon dezyèm fwa. Lè sa a Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l la: anvan kòk chante de fwa, w'a gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Epi li tonbe kriye.

Currently Selected:

Mak 14: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy