YouVersion Logo
Search Icon

Matye 21

21
Jerizalèm kanpe pou resevwa Jezi
(Mak 11.1-11; Lik 19.28-40; Jan 12.12-19)
1Yo t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm, #Mak 11.1-10; Lik 19.29-38; Jan 12.12-19 yo te gentan rive nan bouk Betfaje, toupre mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo, 2li di yo:
— Ale nan bouk ki devan nou an. Kou n'a rive, n'a jwenn yon manman bourik mare, ak yon jenn ti bourik avèk li. Lage yo, mennen yo ban mwen. 3Si #Mat 26.18 yon moun di nou kichòy, n'a reponn li: Se Mèt yo ki bezwen yo. Epi menm lè a, l'a kite nou ale ak yo.
4Sa te rive konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre:
5Ale #Zak 9.9; Eza 62.11 di moun lavil Siyon yo:
Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou.
Li san lògèy, li moute yon bourik,
yon ti bourik dèyè manman.
6Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a. 7Yo mennen manman bourik la ak ti bourik la. Yo pran rad mete sou do yo fè panno epi Jezi moute ti bourik la. 8Yon #2 Wa 9.13 foul moun te louvri rad yo atè sou tout wout la. Lòt menm te rache fèy branch bwa vin tann atè nan chemen an tou. 9Ni #Sòm 118.25,26; 2 Sam 14.4 foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele:
— Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
10Lè Jezi antre lavil Jerizalèm, tout lavil la te tèt anba. Moun yo t'ap mande:
— Ki moun nonm sa a ye menm?
11Foul #Mat 21.46 moun yo menm t'ap reponn yo:
— Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a.
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mak 11.15-19; Lik 19.45-48; Jan 2.13-22)
12Jezi #Mak 11.11-24; Lik 19.45-48; Jan 2.14-16 antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. 13Apre #Eza 56.7; Jer 7.11 sa, li di yo.
— Men sa ki ekri: Y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.
14Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo. 15Men, #Sòm 118.25 chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la! 16Yo #Sòm 8.2 di Jezi konsa:
— Eske ou pa tande sa y'ap di?
Jezi reponn yo:
— M tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou?
17Apre sa, li kite yo, li sòti lavil la, l'ale Betani. Se la li pase nwit lan.
Jezi bay yon pye fig frans madichon
(Mak 11.12-14,20-24)
18Nan denmen maten, antan yo t'ap tounen lavil Jerizalèm, Jezi te grangou. 19Li #Lik 13.6 wè yon pye fig frans bò wout la, li pwoche bò kote l. Men se fèy ase li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig frans lan:
— Ou p'ap janm donnen ankò.
Menm lè a, pye fig frans lan cheche. 20Lè disip yo wè sa, yo pat manke sezi, yo di li:
— Kouman pye fig frans lan fè vin chèch nan yon ti moman?
21Jezi #Mat 17.20 reponn yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pat gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sa k rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre. 22Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l lè n'ap lapriyè.
Ki moun ki bay Jezi dwa fè sa l'ap fè a
(Mak 11.27-33; Lik 20.1-8)
23Jezi #Mak 11.27-33; Lik 20.1-8 antre #Jan 2.18 nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li:
— Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?
24Jezi reponn yo:
— M'ap poze nou yon kèsyon mwen menm tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ki dwa mwen genyen pou m fè bagay sa yo. 25Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun?
Men, yonn t'ap di lòt konsa:
— Si nou reponn: Se Bondye ki te voye l, l'a mande nou poukisa nou pat kwè l. 26Si #Mat 14.5 nou reponn se lèzòm ki voye li, afè nou p'ap bon ak foul la, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt tout bon.
27Apre sa, yo reponn Jezi:
— Nou pa konnen.
Jezi di yo:
— Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou ki dwa mwen genyen pou m fè bagay sa yo.
Parabòl de pitit gason yo
28— Sa nou konprann nan sa? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pale ak pi gran an, li di l: Pitit mwen, jòdi a al travay nan jaden rezen an. 29Pitit #Mat 7.21 la reponn li: Non, mwen pa vle! Men, pita li chanje lide, l ale. 30Apre sa, papa a rele lòt pitit la, li fè li menm demann lan. Pi piti a reponn: Wi papa, m'prale wi. Men li pa janm mete pye. 31Kilès #Lik 18.14 nan de pitit yo ki fè volonte papa a?
Yo reponn li:
— Pi gran an.
Lè sa a, Jezi di yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo va antre nan Peyi kote Bondye wa a anvan nou. 32Paske, #Lik 7.29 lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pat kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pat chanje lide nou pou n te kwè nan li tou.
Parabòl move jeran yo
(Mak 12.1-12; Lik 20.9-19)
33— Koute #Mak 12.1-12; Lik 20.9-19 yon #Mat 25.14; Eza 5.1,2 parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li fè yon jaden rezen. Lè li fini, li leve kloti antoure jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon joupa bay moun k'ap siveye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun ba yo travay jaden an dimwatye. Lèfini li pati al nan vwayaj. 34Lè sezon rekòt rezen an rive, li voye domestik li yo chache rezen pa l bò kote jeran yo. 35Jeran yo mete men sou domestik yo, yo bat yonn byen bat, yo touye yon lòt, yo touye yon twazyèm ak kout wòch. 36Mèt jaden an voye lòt domestik ankò, pi plis pase premye fwa a. Jeran yo maltrete yo menm jan an. 37Apre sa, li voye pwòp pitit gason l bò kote yo andènye. Li t'ap di nan kè l: Omwen y'a gen respè pou pitit mwen an. 38Men, #Mat 27.18 lè jeran yo wè pitit la, yonn di lòt: Men eritye a. Vini non, ann touye li. Konsa, jaden an va vin pou nou. 39Yo mete men sou li, yo jete l lòt bò jaden an, yo touye li.
40— Bon, lè mèt jaden rezen an vini, kisa li va fè jeran sa yo?
41Yo reponn li:
— Li p'ap gen pitye pou yo. L'a fè touye malveyan sa yo, l'a pran jaden rezen an bay lòt jeran ki va ba l pòsyon pa l nan rekòt la lè sezon an va rive.
42Apre #Sòm 118.22,23; Tra 4.11; Wòm 9.33; 1 Pyè 2.6-8 sa, Jezi di yo:
— Eske nou pa janm li pawòl sa yo nan Liv la?
Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a,
se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
Sa se travay Mèt la.
Se bèl bagay pou nou wè sa.
43— Se poutèt sa mwen di nou: Y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a.
[ 44— Moun #Da 2.34,35,44,45 ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l kraze l an miyèt moso.]
45Lè chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se pou yo Jezi t'ap pale. 46Lè sa a, yo t'ap chache yon jan pou mete men sou Jezi. Men yo te pè reyaksyon foul la ki te pran Jezi pou yon pwofèt tout bon.

Currently Selected:

Matye 21: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy