YouVersion Logo
Search Icon

Matye 17

17
Jezi transfòme
(Mak 9.2-13; Lik 9.28-36)
1Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, #Mak 9.2-13; Lik 9.28-36 frè Jak la, li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. 2Antan #2 Pyè 1.16-18 Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè. 3Twa disip yo wè Moyiz ak Eli parèt, yo t'ap pale ak Jezi. 4Lè sa a, Pyè pran lapawòl, li di:
— Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Si ou vle, m'a moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli.
5Antan #Mat 3.17; 16.16-17; Det 18.15 Pyè t'ap pale toujou, yon nyaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa sòti nan nyaj la, li di:
— Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. Koute li.
6Lè disip yo tande vwa a yo tonbe fas atè tèlman yo te pè. 7Men, Jezi pwoche bò kote yo, li manyen yo, li di:
— Leve non, nou pa bezwen pè.
8Yo leve je yo, yo wè Jezi te pou kont li.
9Antan #Mat 16.20 yo t'ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a:
— Pa pale ak pèsonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve sòti vivan nan lanmò.
10Twa #Mat 11.14; Mal 4.5 disip yo poze l kèsyon sa a:
— Poukisa dirèktè lalwa yo di se pou Eli vin anvan?
11Jezi reponn yo:
— Se vre. Eli gen pou l vin anvan, pou l mete tout bagay nan lòd. 12Men, #Mat 14.9,10 m'ap di nou sa: Eli vin deja. Men, yo pat rekonèt li, yo fè l tou sa yo te vle. Se konsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a.
13#Lik 1.17 sa a, disip yo vin konprann li t'ap pale yo sou Jan Batis.
Jezi geri ti gason ki te gen yon move lespri sou li a
(Mak 9.14-29; Lik 9.37-43a)
14#Mak 9.14-29; Lik 9.37-42 yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kote Jezi, li lage kò l ajenou devan l, 15li di:
— Mèt, gen pitye pou pitit gason m lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo. 16Mwen mennen li bay disip ou yo, yo pa ka geri li.
17Jezi #Det 32.5; Jan 14.9 reponn:
— Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen.
18Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a sòti. Menm lè a, ti nonm lan geri.
19Apre #Mat 10.1 sa, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo mande l apa:
— Poukisa nou pat kapab chase move lespri sa a?
20Jezi #Mat 21.21; Lik 17.6; Mak 11.23 di yo:
— Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [ 21Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo sòti.]
Jezi anonse lanmò li yon dezyèm fwa
(Mak 9.30-32; Lik 9.43-45)
22Yon #Mak 9.30-32; Lik 9.43-45 jou, #Mat 16.21 antan tout disip yo te la ansanm nan peyi Galile, Jezi di yo:
— Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m tonbe anba men lèzòm. 23Yo pral touye m, men sou twa jou, m'ap leve sòti vivan nan lanmò.
Sa te fè disip yo lapenn anpil.
Jezi peye taks pou tanp lan
24Etan #Egz 30.13 Jezi ak disip li yo t'ap rive Kapènawòm, pèseptè tanp lan pwoche bò kot Pyè, yo mande li:
— Mèt ou a pa peye taks?
25Pyè reponn:
— Men wi, li peye.
Rive nan kay la, anvan menm Pyè pale, Jezi mande lil:
— Sa ou panse, Simon? Ki moun leta fè peye taks osnon enpo? Sitwayen yo oubyen etranje nan peyi a?
26Pyè reponn li:
— Etranje yo.
Lè sa a, Jezi di li:
— Kidonk, sitwayen yo egzante. 27Enben, pou sa pa fè eskandal, pran zen ou al peche. Premye pwason ki mòde a, rale li, louvri bouch li, ou va jwenn yon lajan anpyès. Pran li, peye taks pou nou de a.

Currently Selected:

Matye 17: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy