YouVersion Logo
Search Icon

Malachi 2

2
1Kounyeya, #Mal 1.6 men lòd mwen bay prèt yo: 2Si #Lev 26.14; Det 28.15; Mal 3.9 nou pa koute sa m'ap di nou la a, si nou pa sòti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen, m'ap voye madichon sou nou. Se Senyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale konsa wi. M'ap madichonnen tout bon bagay k'ap vin pou nou yo. Wi, mwen madichonnen yo deja, paske nou pa sòti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen. 3Mwen #Egz 29.14; Jowèl 1.17; Na 3.6 pral touye pitit nou yo. Mwen pral voye poupou bèt nou touye ofri yo nan figi nou. Lèfini m'ap voye nou jete ansanm ak yo. 4#Nonb 3.45; 25.12,13; Ney 13.29 sa a, n'a konnen se mwen menm ki te ban nou lòd sa a, pou kontra mwen te pase ak fanmi Levi a ka toujou la. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
5Nan #Eza 54.10 kontra mwen te pase ak yo a, mwen te pwomèt mwen t'ap ba yo lavi ak kè poze. Mwen ba yo li vre. Yo menm, se pou yo te gen krentif pou mwen. Yo te gen krentif pou mwen vre, yo te respekte m'. 6Se #Da 12.3; Jak 5.20 verite ase ki te sòti nan bouch yo. Yo pat janm chache twonpe m. Yo toujou mache avè m ak kè poze. Yo t'ap fè sa ki dwat. Yo te fè anpil moun sispann fè sa ki mal. 7Se #Lev 10.11; Det 17.9; Aje 1.13 devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Senyè ki gen tout pouvwa a yo ye.
8Men, #1 Sam 2.17; Eze 22.26 nou menm prèt yo, nou kite chemen Bondye a. Nou lakòz anpil moun pa kenbe kòmandman mwen bay yo. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pa kenbe kontra mwen te fè ak moun fanmi Levi yo. 9Se #Det 1.17; 16.19; 1 Sam 2.30 poutèt sa m'ap fè tout moun pèp Izrayèl yo derespekte nou. Y'ap pran nou pou vakabon, paske nou pa fè sa mwen mande nou fè. Nou gade sou figi moun lè pou n di yo sa lalwa a mande.
Pèp la pa fè sa Bondye mande l fè
10Eske #Det 4.35,39; Eza 33.1; 1 Kor 8.6; Ef 4.6 se pa yon sèl papa a nou tout nou genyen? Eske se pa yon sèl Bondye ki fè nou tou? Poukisa atò nou pa kenbe pwomès nou yonn ak lòt? Poukisa nou meprize kontra Bondye te fè ak zansèt nou yo? 11Moun #Esd 9.2 Jida yo trayi Bondye. Yo fè yon move bagay ki lèd anpil nan peyi Izrayèl la ak nan lavil Jerizalèm. Yo derespekte kay Bondye renmen anpil la. Mesye yo marye ak fanm k'ap sèvi lòt bondye. 12Tout moun ki fè bagay sa a, se pou Senyè a pa kite yo jwenn yon moun nan fanmi Jakòb la pou kanpe pou yo osinon pou fè ofrann bay Senyè ki gen tout pouvwa a pou yo.
13Men yon lòt bagay nou fè ankò: N'ap benyen lotèl Senyè a ak dlo ki sot nan je nou. N'ap kriye, n'ap plenyen paske Senyè a pa menm gade ofrann nou fè l yo, li derefize asepte anyen nan men nou. 14Epi n'ap mande poukisa? Se paske Senyè a wè sa ou fè fi ou marye ak li depi ou jenn lan. Ou te pase kontra avè li, ou te pwomèt Bondye ou t'ap kenbe li pou madanm ou pou tout tan. 15Eske #Jen 2.24; Mat 19.4,5 Bondye pa te fè nou tounen yon sèl kò ak yon sèl nanm? Respekte angajman nou te pran ak madanm nou marye ak li depi nou jenn lan non. 16Mwen #Mak 10.9,11 rayi wè lè mouche separe ak madanm. Se Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa. Mwen rayi wè moun k'ap aji mal konsa ak madanm yo. Se poutèt sa, fè respè tèt nou! Kenbe pwomès nou te fè madanm nou.
Jou jijman an pa lwen rive
17N'ap #Eza 5.20; 43.24; Mal 3.1,15; 2 Pyè 3.4 fatige tèt Senyè a ak yon bann pawòl. Epi n'ap di kijan n'ap fatige li a? Enben se lè n'ap mache di: tout moun ki fè sa ki mal, yo bon nan je Senyè a. Li kontan ak yo. Se lè n'ap di kote Bondye k'ap rann jistis la?

Currently Selected:

Malachi 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy