YouVersion Logo
Search Icon

Lik 9

9
Jezi voye douz disip li yo
(Matye 10.5-15; Mak 6.7-13)
1Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa #Mat 10.1,7,9-14; Mak 6.7-13 ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. 2Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou. 3Li di yo:
— Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj. 4Rete #Lik 10.5-7 nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati kite peyi a. 5Tout #Lik 10.11 kote moun pa vle resevwa nou, kite lavil sa a, souke pousyè pye nou. Konsa yo p'ap ka di nou pat avèti yo.
6Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bòn nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou.
Ewòd nan tèt chaje
(Matye 14.1-12; Mak 6.14-29)
7#Mat 14.1,2; Mak 6.14-16 sa a, Ewòd t'ap gouvènen nan peyi Galile a. Li te pran nouvèl tou sa k t'ap pase. Men, li pat konnen sa pou l te kwè. Gen moun ki t'ap di:
— Se Jan Batis ki leve pami mò yo.
8Gen lòt ki t'ap di:
— Se Eli ki parèt.
Gen lòt ki t'ap di ankò:
— Se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo.
9Men #Lik 23.8 Ewòd t'ap di:
— Mwen te fè koupe tèt Jan. Men, nonm mwen tande y'ap nonmen non l anpil la, kilès li ye menm?
Li t'ap chache wè Jezi.
Jezi bay senkmil moun manje
(Matye 14.13-21; Mak 6.30-44; Jan 6.1-14)
10#Mat 14.13-21; Mak 6.30-44; Jan 6.1-13 apòt yo tounen, yo rakonte Jezi tou sa yo te fè. Li pran yo avèk li, yo pati ansanm pou kont yo pou lavil Betsayda. 11Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad.
12Lè solèy konmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li:
— Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinay la. Paske isit la nou nan mitan yon dezè.
13Jezi di yo:
— Poukisa nou pa ba yo manje pito!
Men, yo reponn:
— Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n'al achte manje pou n bay tout pèp sa a?
14(Te gen senkmil (5.000) gason konsa.) Jezi di disip li yo:
— Fè yo chita pa ranje senkant konsa.
15Disip yo koute l, yo fè tout moun chita. 16Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je li nan syèl, li rann gras sou manje a. Apre sa, li separe li, li renmèt disip yo pou mache distribye bay foul la. 17Tout #2 Wa 4.44 moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete.
Pyè rekonèt Jezi se Kris la
(Matye 16.13-19; Mak 8.27-29)
18Yon #Mat 16.13-28; Mak 8.27—9.1 jou, Jezi te pou kont li, li t'ap lapriyè. Disip li yo vin jwenn li, li mande yo:
— Ki moun yo di mwen ye?
19Yo #Lik 9.7 reponn li:
— Gen moun ki di ou se Jan Batis! Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo.
20Li #Jan 6.69 mande yo:
— Bon, nou menm menm, ki moun nou di mwen ye?
Pyè reponn li:
— Ou se Kris la, moun Bondye chwazi pou voye a.
Jezi anonse lanmò li ak rezireksyon li
(Matye 16.20-28; Mak 8.30; 9.1)
21Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsonn sa. 22Apre #Lik 9.44; 18.32,33 sa, li di yo:
— Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve sòti vivan nan lanmò.
23Epi li di yo tout:
— Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li pote kwa li chak jou, epi swiv mwen. 24Paske, #Lik 17.33; Mat 10.39; Jan 12.25 moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, l'a sove li. 25Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye, si l pèdi nanm li, ou si l detwi lavi li? 26Si #Mat 10.33 yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m ak tout bèl pouvwa Papa m, nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m tou. 27Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la kounyeya, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè gouvènman Bondye a.
Jezi transfòme
(Matye 17.1-8; Mak 9.2-8)
28Wit #Mat 17.1-9; Mak 9.2-9 jou konsa, apre li te fin di pawòl sa yo, Jezi pran Pyè, Jan ak Jak. Li moute sou yon mòn pou l'al lapriyè. 29Antan li t'ap lapriyè, figi l pran chanje, rad li vin klere tou blan. 30Te gen dezòm ki t'ap pale ak Jezi: se te Moyiz ak Eli, 31ki #Lik 9.22 te parèt nan mitan yon bèl limyè ki sòti nan syèl la. Yo t'ap pale avèk li sou jan li ta pral mouri lavil Jerizalèm pou l te ka akonpli misyon li. 32Yon #2 Pyè 1.16-18; Jan 1.14 bon dòmi te gentan vòlè Pyè ak kanmarad li yo. Men, lè yo leve, yo wè bèl limyè ki te vlope Jezi ansanm ak de mesye ki te bò kote l yo. 33Antan mesye yo ta pral kite Jezi, Pyè di li:
— Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Annou moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli. Li pa te konnen sa li t'ap di.
34Pandan li t'ap pale konsa, yon nyaj vin kouvri yo ak lonbray li. Lè disip yo wè nyaj la ap vin sou yo, yo te pè. 35#Lik 3.22 sa a, yo tande yon vwa ki sòti nan nyaj la ki di:
— Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li!
36Apre vwa a fin pale, Jezi te pou kont li ankò. Disip yo te fèmen bouch yo sou sa. Lè sa a, yo pat rakonte pèsonn sa yo te wè.
Jezi geri yon ti gason ki te gen move lespri sou li
(Matye 17.14-21; Mak 9.14-27)
37Nan #Mat 17.14-23; Mak 9.14-32 denmen, yo desann sòti sou mòn lan. Yon gwo foul moun te vin kontre Jezi. 38Nan mitan foul la, yon nonm pran rele:
— Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen. 39Li gen yon movezespri ki konn pran li. Lè konsa, lespri a fè li fè gwo rèl. Li souke li byen souke epi li fè li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se avèk anpil traka lè pou li soti sou li. 40Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pat kapab.
41Jezi reponn:
— Ala ras moun san konfyans! Ala ras moun pèvèti! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou! Jouk ki tan pou m' sipòte nou ankò! Mennen ti bway la ban mwen.
42Pandan #Lik 7.15 yo t'ap mennen ti bway la vini, movezespri a fese li atè souke li byen souke. Men Jezi te pale byen rèd ak movezespri a. Li geri pitit la epi li renmèt li bay papa li. 43Tout moun te sezi pou wè jan Bondye gen pouvwa.
Jezi anonse lanmò li yon dezyèm fwa
(Matye 17.22-23; Mak 9.30-32)
Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fè konsa, Jezi di disip li yo:
44— Fè #Lik 9.22 sa antre nan tèt nou byen: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m tonbe anba men lèzòm.
45Men, #Lik 18.34; Mak 9.32 disip yo pat konprann pawòl la. Sans li te kache pou yo, yo pat ka konnen sa sa te vle di: epi yo te pè poze l kèsyon sou sa tou.
Ki moun ki pi grannèg?
(Matye 18.1-5; Mak 9.33-37)
46Apre #Mat 18.1-5; Mak 9.33-40 sa, disip yo t'ap diskite antre yo pou konnen kilès pami yo ki gen plis enpòtans. 47Jezi vin konnen lide ki te nan tèt yo: li pran yon timoun piti li mete l bò kote li. 48Epi #Mat 10.40 li di yo:
— Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan. Moun nan mitan nou ki pi ba a, se li ki gen plis enpòtans lan.
Moun ki pa kont ou, se moun pa ou
(Mak 9.38-40)
49Jan pran lapawòl, li di:
— Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l fè sa paske li pa t'ap mache avèk nou.
50Jezi #Lik 11.23; Fil 1.18 reponn li:
— Kite l non. Moun ki pa kont ou, se moun pa ou li ye.
Yon bouk Samari pa vle resevwa Jezi
51Dat #Mak 10.32; Jan 7.1 pou Jezi te moute nan syèl la t'ap pwoche. Lè sa a li pran desizyon l, li pran chemen Jerizalèm. 52Li #Jan 4.4 voye kèk moun devan. Yo pati. Yo antre nan yon bouk nan zòn Samari pou prepare rive Jezi. 53Men, #Jan 4.9 moun yo pat vle resevwa l, paske li ta pral Jerizalèm. 54#2 Wa 1.10,12 Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li:
— Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo? #9.54: Apre fin ak yo, Gen maniskri ki ajoute jan Eli te fè l la.
55Jezi vire bò kote yo, li pale byen sèvè ak yo. #9.55: Apre li pale byen sèvè ak yo, gen maniskri ki ajoute epi li di yo: Nou pa konnen ki kalite lespri n'ap sèvi a. Moun Bondye voye nan lachè a pa vin pou touye moun. Se delivre li vin delivre yo. 56Apre sa, y'ale nan yon lòt bouk.
Moun ki ta vle swiv Jezi
(Matye 8.19-22)
57Pandan #Mat 8.19-22 yo t'ap mache, yon nonm di Jezi konsa:
— M'ap swiv ou tout kote ou prale.
58Jezi reponn li:
— Chat mawon gen twou yo, zwazo nan syèl la gen nich yo tou. Men, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa gen kote pou m poze tèt mwen.
59Jezi di yon lòt:
— Swiv mwen.
Men, nonm lan reponn li:
— Mèt, pèmèt mwen al antere papa m anvan.
60Men, Jezi di li:
— Kite moun mouri antere moun mouri yo. Ou menm, al fè konnen gouvènman Bondye a.
61Yon #1 Wa 19.20 lòt di l ankò:
— M'ap swiv ou wi, Mèt. Men, kite m al di moun lakay mwen yo orevwa.
62Jezi reponn li:
— Moun ki gentan mete men nan travay epi k'ap vire gade dèyè, moun sa a pa gen plas li kote Bondye wa a.

Currently Selected:

Lik 9: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in