YouVersion Logo
Search Icon

Lik 13

13
Tounen jwenn Bondye pou nou pa peri
1Lè sa a, yo vin rakonte Jezi ki jan, pandan #Tra 5.37 yon sèvis yo t'ap fè, Pilat te fè touye kèk moun peyi Galile a, epi li fè melanje san yo ak san bèt yo t'ap ofri bay Bondye. 2Jezi #Jan 9.2 reponn yo:
— Gen lè nou kwè se paske moun sa yo te fè pi gwo peche pase lòt moun Galile yo kifè yo te masakre yo konsa? 3Mwen #Sòm 7.12 di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou. 4Dizwit moun ki te mouri kraze lè gwo kay Siloe a te tonbe sou yo a, genlè nou kwè yo te pi koupab pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo? 5Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.
Parabòl pye fig frans ki pat janm donnen an
6Apre #Lik 3.9; Mat 3.10; 21.19; Mak 11.13 sa, Jezi di yo parabòl sa a:
— Yon nonm te gen yon pye fig frans plante nan jaden rezen li. Li vin chache fig frans ladan l, men li pa jwenn. 7Lè sa a, li di jeran jaden an: Sa fè twazan depi m'ap vin chache fig nan pye fig frans sa a, mwen pa ka jwenn anyen. Koupe li non. Poukisa pou l pran tout plas sa a nan tè a pou gremesi? 8Men, #2 Pyè 3.9,15 jeran an reponn li: Mèt, kite l fè lanne sa a ankò. Mwen pral fouye yon twou fè wonn nan pye l, m'ap mete fimye ladan li. 9Konsa, li ka donnen. Si l pa donnen, w'a fè koupe l lòt lanne.
Jezi geri yon fanm kokobe yon jou repo
10Yon jou saba, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yo sinagòg la. 11Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l rete kokobe. Li pat kapab kanpe dwat menm. 12Lè Jezi wè l, li rele l, li di li:
— Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande.
13Jezi #Mak 7.32 lonje men li sou li. Latou, fanm lan kanpe dwat, epi li pran bay Bondye glwa. 14Men, #Egz 20.9; Det 5.13 chèf sinagòg la pat kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la:
— Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a.
15Jezi #Lik 14.5 reponn li:
— Ala nou ipokrit! Jou saba a, nou tout nou lage bèf nou ak bourik nou mennen yo al bwè, pa vre? 16Bon, #Lik 19.9; Tra 3.25 fanm sa a, moun ras Abraram, ki gen dizwitan depi Satan mare l anba yon maladi, mwen pat dwe delivre l yon jou repo?
17Repons Jezi te ba yo a te fè tout moun ki pat vle wè l yo wont. Men, tout moun nan foul la te kontan pou tout bèl mèvèy li t'ap fè yo.
Parabòl grenn moutad la
(Matye 13.31-32; Mak 4.30-32)
18Jezi #Mat 13.31-33; Mak 4.30-32 di yo:
— Ak ki bagay peyi kote Bondye Wa a sanble? Kisa m ta di l sanble ankò? 19Li #Da 4.12,21; Eze 17.23; 31.6 tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou l'al simen nan jaden li. Li pouse, li vin yon pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la fè nich nan branch li yo.
Parabòl ledven an
(Matye 13.33)
20Jezi di yo ankò:
— Ak kisa pou m konpare peyi kote Bondye Wa a? 21Li tankou ledven yon fanm pran li mete nan twa mezi farin pou fè tout pat la leve.
Pòt jis la
(Matye 7.13-14,21-23)
22Jezi t'ap moute lavil Jerizalèm, li t'ap pase nan anpil lavil ak anpil bouk. Sou tout wout la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. 23Yon moun mande li:
— Mèt, eske se de twa moun sèlman k'ap sove?
Li reponn yo:
24— Fè #Mat 7.13,14; Fil 3.12; 1 Tim 6.12 jefò pou n antre nan pòt jis la. Paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab. 25Mèt #Mat 25.11,12 kay la gen pou l leve fèmen pòt la. Lè sa a, nou menm n'a deyò. N'a konmanse frape nan pòt la. N'a di: Mèt, Mèt, louvri pou nou! L'a reponn nou: Mwen pa konnen ki bò nou sòti. 26#Mat 7.22,23 sa a n'a di: Nou te manje, nou te bwè ansanm avè ou, ou te moutre nou anpil bagay nan tout lari lakay nou. 27Men, #Sòm 6.8 l'a reponn nou: Mwen di nou, mwen pa konnen ki bò nou sòti. Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal. 28#Mat 8.11,12 n'a wè Abraram, Izarak, Jakòb ak tout pwofèt yo nan bèl peyi kote Bondye Wa a, epi nou menm nou deyò, se lè sa a va gen rèl, se lè sa a moun va manje dan yo. 29Moun #Mal 1.11; Eza 49.12; 59.19; Sòm 107.3; Lik 14.15 va sòti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a sòti nan nò ak nan sid, y'a chita sou tab nan bèl peyi kote Bondye Wa a. 30#Mat 19.30 sa a, nan moun ki dèyè nèt kounyeya, genyen k'ap pase devan. Nan moun ki devan kounyeya, genyen k'ap rete dèyè.
Jan Jezi renmen lavil Jerizalèm
(Matye 23.37-39)
31Menm lè sa a, kèk farizyen pwoche bò kote Jezi, yo di li:
— Pa rete isit la, ale yon lòt kote, paske Ewòd vle touye ou.
32Li reponn yo:
— Ale di chat mawon an: m'ap chase move lespri yo, m'ap geri moun malad jòdi a ak denmen, nan twa jou m'ap fin travay mwen. 33Men, fòk mwen kontinye mache jòdi a, denmen ak apre denmen tou, paske sa pa bon pou yo touye yon pwofèt lòt kote pase nan lavil Jerizalèm.
34— Jerizalèm, #Mat 23.37-39 Jerizalèm, ou menm k'ap touye pwofèt yo, k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou yon manman poul sanble ti pitit li yo anba zèl li, men ou pat vle! 35Enben, #Jer 12.7; 22.5; Sòm 69.25; 118.26 kay ou yo va rete san moun. M'ap di ou sa: nou p'ap wè m ankò, jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la.

Currently Selected:

Lik 13: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in