YouVersion Logo
Search Icon

Levitik 7

7
Sakrifis pou sa moun fè ki mal
1Men regleman pou yo swiv lè moun ap #Lev 5.1-19; 6.1-7,17 fè ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal. Ofrann sa yo se ofrann y'a mete apa nèt pou Senyè a. 2Y'a #Lev 6.25 touye bèt pou ofrann sa a sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule yo. Y'a voye san an sou kat bò lotèl la. 3Y'a #Egz 29.13; Lev 3.9-11 wete tout pati sa yo: ke a, grès ki vlope tripay yo, 4de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm avèk mas grès ki sou fwa a, l'a ofri yo sou lotèl la pou Senyè a. 5Prèt la va boule tout pati sa yo sou lotèl la tankou yon ofrann yo boule pou Senyè a. Se yon ofrann pou repare sa moun fè ki mal. 6Tout #Lev 6.29; Nonb 18.9 gason nan fanmi prèt yo kapab manje ladan li. Se pou yo manje li kote ki apa pou Bondye a. Paske se yon ofrann ki konsakre nèt pou Bondye.
7Ofrann #Lev 6.25,26 pou peye pou sa yo te fè ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun fè san l pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou prèt ki fè ofrann lan. 8Po bèt y'a ofri pou boule pou Bondye a va rete pou prèt ki fè ofrann lan. 9Tout #Lev 2.4,5,7 ofrann fèt ak grenn ki sòti nan jaden, kit yo te kwit nan fou, kit yo te kwit sou platin osinon sou griy, y'a rete pou prèt ki te ofri yo bay Bondye a. 10Tout ofrann grenn danre yo moulen, kit ak lwil, kit san lwil, se pou pitit Arawon yo.
Ofrann remèsiman
11Men #Lev 3.1; 22.21 regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l mèsi:
12Si #Lev 2.4; 6.21; Nonb 6.15 yon moun ap fè ofrann sa a pou di Bondye mèsi, l'a ofri ba li gato san ledven, ti pen plat san ledven epi pat farin fri nan grès. 13Konsa #Am 4.5 tou, l'a ofri avèk bèt pou yo touye a pen kwit ak ledven. 14L'a #Egz 29.27,28; Nonb 18.8 pran yonn nan chak kalite pen yo, l'a ofri yo espesyalman bay Senyè a. Pen sa yo va rete pou prèt ki va pran san bèt la pou voye sou lotèl la. 15Kanta #Lev 22.29,30 pou vyann bèt la, se pou yo manje tout menm jou yo touye li a. Yo pa fèt pou kite anyen pou denmen maten.
16Si #Lev 19.6 yon moun pote yon ofrann remèsiman bay Bondye paske li vle kenbe ve li fè, osinon paske se vle li vle fè yon ofrann konsa, yo pa bezwen manje tout vyann ofrann lan menm jou a. Men yo gendwa kite rès pou denmen. 17Men vyann ki rete pou twazyèm jou a, se pou yo boule yo. 18Menm #Lev 19.7,8 goute si yo goute ofrann lan sou twazyèm jou a, Bondye p'ap asepte li. Ofrann lan ap nil. Vyann lan fezande. Moun ki manje li a gen pou yo peye sa. 19Si yon bagay ki pa bon pou fè sèvis Bondye tonbe sou vyann lan, yo pa ka manje l nonplis. Se pou yo boule l nan dife.
Tout moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a ka manje nan vyann lan. 20Si #Lev 22.3 yon moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a manje nan vyann yo ofri bay Senyè a, se pou yo mete l deyò nèt nan mitan pèp Bondye a. 21Si #Lev 5.3; 11.1-47 yon moun manje nan vyann yo ofri bay Senyè a apre li fin manyen yon bagay ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se nenpòt lòt bagay, se pou yo mete l deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
22Senyè a pale ak Moyiz, li di l ankò:
23— Men #Lev 3.16,17 sa pou di moun pèp Izrayèl yo: Piga nou janm manje grès bèf, grès kabrit osinon grès mouton. 24Nou pa fèt pou nou manje grès bèt ki rete konsa li mouri mò natirèl li, ni grès bèt yon bèt nan bwa touye, men nou gendwa sèvi ak grès la pou nou fè nenpòt lòt bagay nou vle. 25Lè yon moun manje grès yon zannimo yo te ofri pou boule pou Senyè a, se pou yo mete l deyò nèt nan mitan pèp Bondye a. 26Nenpòt #Lev 3.17 ki kote nou ye, piga nou janm manje san zwazo, ni san okenn lòt bèt. 27Si yon moun rive manje san nenpòt ki bèt, se pou yo mete l deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
28Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
29— Men #Lev 3.1 sa w'a di moun pèp Izrayèl yo. Lè yon moun ap fè yon ofrann pou bay Bondye remèsiman, se pou li pran yon pòsyon ladan li ki va sèvi tankou yon ofrann espesyal pou Senyè a. 30L'a #Egz 29.26; Lev 3.3,4 pote l ak men l pou yo boule l pou Senyè a. L'a pote grès bèt la ansanm ak tout pwatrin lan pou yo ka balanse yo tankou yon ofrann devan Senyè a. 31Prèt #Lev 3.11; 9.21; Nonb 6.20 la va boule grès la sou lotèl la. Men pwatrin lan va rete pou Arawon ak pitit li yo. 32N'a pran jigo dwat bèt li te ofri pou di Bondye mèsi a, n'a bay prèt la li pou li prezante l tankou yon ofrann devan Senyè a. 33Konsa, prèt ki ofri san ak grès bèt yo te touye pou bay Bondye remèsiman an, li va resevwa jigo dwat la pou li. 34Pwatrin #Egz 29.27,28; Lev 10.14,15; Nonb 18.18; Det 18.3 bèt la, se yon ofrann espesyal y'a annik balanse devan Senyè a. Jigo dwat la, se yon ofrann y'a annik prezante devan Senyè a. Se Senyè a menm ki wete moso sa yo nan ofrann pèp la va fè a pou li bay prèt yo. Sa se bagay moun Izrayèl yo dwe toujou bay prèt yo. Se va yon regleman pou tout tan tout tan. 35Se pòsyon sa yo pou yo pran nan ofrann yo fè pou boule pou Senyè a pou yo te bay Arawon ak pitit li yo, depi jou yo te mete yo apa pou sèvi prèt pou Senyè a. 36Jou #Egz 40.13-15; Lev 8.12,30 sa a, se Senyè a menm ki te bay pèp Izrayèl la lòd pou yo bay prèt yo pòsyon sa yo nan ofrann lan. Sa se yon regleman pou pèp Izrayèl la toujou swiv de pitit an pitit. 37Men #Egz 29.1; Lev 6.9,14,20,25; 7.1,11 regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou yo boule pou Senyè a, lè y'ap fè ofrann grenn danre ki soti nan jaden yo, lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san fè espre, ofrann pou lè y'ap konsakre prèt yo bay Bondye. 38Se Senyè a menm ki te bay Moyiz regleman sa yo, sou mòn Sinayi nan mitan dezè a, jou li te mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ofrann ba li.

Currently Selected:

Levitik 7: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in